Nouvèl FOKAL

mercredi 25 mai 2011

Twa misyon etranje pou pwojè renovasyon katye Gingerbread Pòtoprens la

Nan lide pou fè pwojè renovasyon katye Gingerbread Pòtoprens la vanse, gen twa misyon etranje kap rantre an Ayiti nan fen mwa me a, pou yon semèn. Genyen Anne-Françoise Cannella ki se yon responsab nan IPW (Institut du Patrimoine Wallon) kap vín reflechi ak Fokal sou kijan pou nou òganize yon atelye kap fòme ouvriye ayisyen yo nan repare ansyen kay bwa yo rele Gingerbread yo. IPW se yon òganizasyon belj ki gen kòm misyon pou li fòme moun nan tout metye ki gen rapò ak repare epi pwoteje ansyen kay, sa yo rele patrimwàn yo. 

Genyen Stephen Kelley, ki se yon achitèk, ke World Monument Fund (WMF) te voye deja an Ayiti, lan mwa me 2010, pou li te patisipe nan ankèt sou eta kay Gingerbread yo. WMF ap voye achitèk sa ankò an Ayiti pou li vín ede Fokal reflechi sou pi bon fason pou repare kay Gingerbread yo. Nan lane 2010, WMF te pibliye sou yon lis yo rele “Watch List” kay Gingerbread Pòtoprens yo, pou yo te ka atire atansyon tout moun, nan tout peyi, sou danje disparèt ki pandye sou kay sa yo. 

Genyen tou yon ekip belj ki travay pou yon konpayi yo rele COOPARCH, kap vini mennen yon ankèt sou katye Gingerbread la, pou yo we koman li ye e koman li ta ka òganize pi byen. Ekip belj sa ap gen twa moun ladan li : Mati Paryski, Florence Vanden Eede ak Nicolas Frapolli. COOPARCH se yon konpayi ki abitye travay nan remete katye kanpe sou pye li. Li travay anpil kote e li travay nan peyi ki gen pwoblèm ki sanble ak pwoblèm pa nou yo, tankou peyi afriken yo. 

Misyon sa yo ap rantre pou yo vín travay ansanm ak Fokal epi tou, tout enstitisyon leta ki enterese nan pwojè Gingerbread la tankou ISPAN, CIAT, UTE, CNIGS… Tout jefò sa yo ap fèt pou nou wè si Pòtoprens ta kenbe bèl eritaj sa ke granmoun yo te kite pou nou epi pou nou wè si nou ka rekonstwi yon Pòtoprens ki se pa nou tout bon vre.