Nouvèl FOKAL

mardi 17 mai 2011

Lekti, potomitan devlòpman moun

Yvrose Jules te nan klas setyèm ane fondamantal lè li dekouvri pou premye fwa enpòtans liv ak lekti apre li te kontre ak liv Antoine de St-Exupéry ekri, « Le Petit Prince », sou etajè Bibliyotèk Monique Calixte (BMC).

Yvrose Jules gen 19 lane e li etidyan nan premye ane syans jiridik nan inivèsite leta ayisyen an (UEH). Li koumanse frekante bibliyotèk la depi li te tou piti. Li te konn vini ak frè li ak sè li yo ki ap viv nan menm kay ak li nan katye avni N. Nan moman sa yo, Yvrose pat bay aukenn enpòtans ak liv ni bibliyotèk. Se apati setyèm ane fondamantal, lè li koumanse swiv kou sou literati, li vin konprann literati a se yon pòt louvri sou lemonn ak sou nou menm. Se nan menm moman sa a li te li “Le Petit Prince” lan. Depi li fín louvri liv sila, li pa janm lage l. Lakay li, frè li ak sè li yo ki renmen li, koleksyone liv epi fè konkou lekti. Yvrose se  youn nan moun ki toujou reyini ak klèb lekti bibliyotèk la.

Li panse ke kèlkeswa liv la, se yon gwo mwayen pou anpeche delenkans jenn moun, deske li kapab ede tou pou chanje move konpòtman moun lakay  yo. Dapre li yon liv ka ranplase dwòg la. BMC fe pati lavi li, animatè yo se tankou fanmi lektè yo dapre Yvrose. Pou Yvrose bibliyotèk la kalm, epi li souvan òganize aktivite pou jenn yo.

Pou Yvrose, BMC a kapab yon zouti pou chanje fason moun yo ap viv nan katye a. Yvrose ankouraje nou kontinye envite moun nan laj li nan alantou bilbliyotèk la vin  frekante li. Li panse ke « yon bibliyotèk pa itil anpil bagay si li pa ale jwenn jenn yo, envite yo vín li, epi patisipe nan aktivite lap fè ».

Joseph Méléance
BMC