Nouvèl FOKAL

mercredi 25 mai 2011

Pwojè VDF : blog pwojè a ap fete anivèsè li

Mardi 24 me, blog pwojè VDF la fete 3e ane depi li te kreye. Nan okazyon sa a, blog la chanje look li anpil, sitou nan kalite prezantasyon l tankou nan ribrik ak fonksyon ki ajoute ladan li. 

Blog la vini pi fasil pou itilize, paske li pi agreab pou je w, li pèmèt moun reaji ak sa lòt moun ekri ladan l, epi li genyen plis enfòmasyon. Al wè ak 2 je ou nan http://vaguedufutur.blogspot.com

Wòl blog la toujou rete menm jan : pèmèt jèn ak animatè nan pwojè VDF la pataje sa yo fè nan reyinyon klèb pa yo (sijè yo debat, refleksyon ke yo te fè, rezolisyon ke yo pran, aktivite yo planifye fè…), eksperyans ke yo viv (sòti ke klèb la òganize, patisipasyon yo nan kan dete, nan tounwa deba…), jwenn bon jan resous pou aktivite deba pa yo (teknik pou debat, pou konstwi bon jan agiman, bon jan atik pou kore agiman…), epi konnen tout bagay ki pral fèt nan pwojè a (vizit kòodonatè a nan klèb yo, planifikasyon kan ak seminè yo…), ak pwogram kiltirèl FOKAL. 

Jou jodi a, se 11644 fwa ke moun te vin konsilte blog la. Paj ki pi konsilte nan blog la se « Kijan pou nou pwoteje tèt nou lè gen goudougoudou ? » ke lektè yo li 1378 fwa. Atik sa te pibliye 8 septanm 2010. Gen tou atik ki di kisa pou fè si gen risk sunami sou vil pa ou, kijan pou moun pwoteje tèt yo kont epidemi kolera, ak istwa sou tranbleman detè nan peyi a. 

Gen lòt ribrik ki pèmèt nou patisipe nan kreye enfòmasyon sou blog la tankou sondaj (nou vote yon repons a yon kesyon ki poze sou blog la), forum diskisyon (chak moun ka pataje opinyon pa li a yon sijè deba ke blog la pwopoze), kòmantè ou ka fè sou yon atik ki pibliye nan blog la. 

Blog la fenk kare fè moun etone, tèlman li fè teknoloji a sanble maji. Tande. Eske nou konnen ke, depi lè blog la te kreye, pi fò moun konekte sou li depi Lafrans (3060) ? Apre nou jwenn Etazini (2412), Ayiti (1856), Canada (852), Larisi (330), Aljeri (264), Almay (244), La Oland (173). Sloveni (120), Letoni (82) ak Belgik (88), ki se 3 peyi an Ewòp, dènye nan list la. 

Kidonk, anpil moun nan lòt peyi konsilte blog la. Se sa wi ki maji a ! Men, li poko kapab di konbyen fi ak gason ki vizitel. Si sa ta fèt, se tap tèt chaje ! 

Pou fanatik teknoloji yo, mwen gen pou nou tou. Map fè nou konnen ke vizitè yo konekte sou blog la plis avèk navigatè sa yo : Internet Explorer (62%) ki se tòp la, Firefox (22%) kap vale teren, Chrome (6%) kap vanse, Safari (4%) apati de selilè, Opera (2%), ak lòt ankò. Al eseye avèk yon lòt tou ! 

Itilizatè yo konekte sou blog la ak plizyè tip aparèy tankou òdinatè (plis avèk sistèm Windows, Macintosh ak Linux), telefò selilè (sitou Blackberry, I-Phone, Nokia), ak lòt aparèy mobil (I-Pad, I-Pod, Nintendo DSI…). Pou yo chèche enfòmasyon, vizitè blog la itilize Google plis (nan tout lang), epi Bing ak Facebook. 

Nou siman ap mande tèt nou kibò mwen jwenn enfòmasyon sa yo. Pa sezi, se blog la ki ban mwen yo! Li renouvle enfòmasyon sa yo chak fwa ke moun konsilte l. Se mwen sèl ke li pa konte. Nou ka konprann sa, paske se mwen kap jere l. 

Men mo kle ke moun itilize plis pou yo jwenn blog la : « vague du futur »; « que faire en cas de tsunami » , « réchauffement climatique » … sa ka paret nou etranj, men sa vle di ke blog la byen pozisyone l nan ribrik anvironman nan rechèch sou Google. Blog la gen pwòp zouti rechèch pa li ki pèmèt vizitè yo jwenn yon atik ke yap chèche ladan li. 

Blog la rive genyen 141 moun ki enskri ladann, depi lè yo te pèmèt moun fè sa sou li, lane pase. 14 klèb nan rezo pwojè a pa rive leve defi ki te lanse a yo pou yo fè blog la rive gen 250 manb enskri. Paske gen anpil jèn ki pa gen aksè fasil a entènèt nan vil pwovens yo sitou tankou Kan Peren, Jeremi. Gen kote entènèt la ra anpil tankou Gwo Mòn, Fon Parizyen, Dabòn (gen yon atik ki pral parèt byento nan blog la sou pwoblèm sa a). Men, 141 moun ki enskri sou blog la se yon rezilta ki ankourajan anpil. 

Lè yon moun vini manb blog la, li pèmèt li voye mesaj dirèk dirèk bay lòt manb, menm si ou pa konnen adrès e-mail yo. Se yon fason trè fasil pou ou fè zanmi ak moun tout kote. Men, pa konpare blog VDF la ak Facebook. Se responsab blog la ki kapab sèlman pibliye mesaj jèn oubyen animatè yo ekri (alò ke sou Facebook, nenpòt moun ka pibliye sa yo vle). 

Mwen kontan anpil dèske nou te konsilte blog la, epi dèske nou vini manb li. Satisfaksyon pa w se satisfaksyon pa m. Map kontinye travay pou m satisfè nou. Mèsi tout moun! 

Bòn fèt! 

Jean-Gérard Anis, kòodonatè pwojè VDF - FOKAL