Nan atik sa nou pran plezi prezante ou Lory Giscard Augustin, yon bousye FOKAL ki nan enfòmatik nan ESIH (Ecole Supérieure d’Infotronique d’Haiti). Nap tou pwofite raple nou ak ki kritè FOKAL deside kore yon bousye epi kijan pou fe demann yon bous bò kote fondasyon an.
Lory Giscard Augustin antre nan pwogram bous FOKAL la depi nan lane 2007. Li toujou fè remake li pa sajès li, rezilta lekòl li epi kapasite li pou ekri bon rapò. Lè nou eseye konnen li plis, nou aprann li fèt nan vil Pòtoprens nan lane 1988; li pèdi papa l depi li te gen laj 2 lane. Se yon manman ki toujou lite pou chache kote lavi fè kwen pou asire ledikasyon sèl grenn pitit gason li.
Soti nan kintègadèn pou rive nan klas filozofi, Lory fè tout etid sa yo nan yon sèl lekòl : Ti Seminè Sen Masyal. Se la li pran tout baz ki fè de li yon gason byen edike.
Lory koumanse etid enfomatik nan lane 2007 nan ESIH men se pa etid inivesitè sa li te swete fè. Li te vle vin doktè pou pote kout men nan sistèm sante peyi a epi swanye malad nan tout kwen ak rekwen peyi a. Li te eseye pase konkou medsín nan fakilte leta a. Malerezman li pa te reyisi. Se premye gwo echèk Lory sibi nan lekòl, eksperyans sa te twouble li anpil. Pou pa chita san l pa fè anyen li te enskri nan ESIH nan menm ane a. Se konsa yo rekòmande li nan FOKAL. Kòm li te reponn ak kritè FOKAL itilize pou chwazi bousye li yo, li vín jwenn kout men pou komanse etid enfòmatik li yo. Li reyisi premye ane a ak siksè. Li vín pran gou pou etid sa yo. Jodi a echèk li te pran nan konkou medsín nan dèyè do li. Nan lane 2009 nan sousi pou genyen plis konesans, Lory kòmanse yon lòt etid nan sikoloji nan fakilte syansimèn.

Bous FOKAL la pèmèt Lory mennen etid li yo nan pi bon kondisyon. Li pèmèt li rete konsantre tout tan paske fòk li fè mwayèn 70 pou pi piti chak lane. Bous la pèmèt manman li rale yon gwo souf tou. Koulye a Lory nan dènye ane enfomatik, li prevwa fè yon metriz pi devan. Rapò li yo toujou respekte règ jwèt la.
Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la Lory te afekte anpil. Li te retounen Sen Mak ak manman li paske bagay yo te difisil anpil nan kapital la. Lory te menm anvizaje al travay pou ede manman li apre kondisyon malouk tranbleman tè a te lage peyi a. Apre yon ti bout tan epi seyans espas pawòl FOKAL te oganize pou bousye li yo Lory te vín reprann konfyans, se konsa li retounen lekòl. Se te yon bòn nouvèl pou nou nan FOKAL.
Jounen jodi a Lory nan dènye ane etid lisans li nan ESIH. Li toujou kenbe ak de men opòtinite FOKAL ofri li. San papa, li te toujou rete disipline epi kraze bèt li, paske li konnen se sèl zam ki ka pèmèt li rive lwen, retire manman li nan mizè nan yon sosyete ki pa fasil kote strikti sosyal yo prèske pa ekziste pou ede moun ki pi pòv yo.

Nan non FOKAL nou konplimante li pandan n ap di li kenbe fèm. Nou envite li toujou kenbe yon bon konpòtman epi pote byen lwen valè FOKAL yo, tankou respè, solidaritè, lanmou pou peyi a, mete konesans o sèvis sak pi fèb yo, elatriye.
Bous etid nan FOKAL
Bous etid nan FOKAL
FOKAL bay bous pou etid nan inivesite ak nan lekòl teknik nan peyi a nan yon sousi pou pèmèt fi ak gason ki gen talan pou etid yo men ki pa gen mwayen gen dwa fè etid valab epi genyen yon metye. Pwogram sa pèmèt mete o sèvis peyi a plis konpetans. FOKAL toujou ankouraje bousye li yo rete travay nan peyi a pou peyi a. Nan sousi sa FOKAL toujou evite bay bous pou etid nan nivo lisans nan peyi etranje.
Bous FOKAL yo bay selon 2 kritè sa yo : 1. bonjan mwayèn nan lekòl segondè (mwayèn 7 pou pi piti nan reto ak filo) ; 2. difikilte lajan pou peye etid yo. Yon moun ka reponn ak 2 kritè sa yo epi li pa jwenn bous la paske gen lòt kontrent tankou kantite bousye nou genyen deja konpare ak bidjè nou dispoze pou sa.
Pou etid nan inivèsite, pou bay bousye li yo plis chans nan mache travay la, FOKAL rekòmande tout moun kap fè demann pou bous li yo al nan inivèsite ki nan rezo AUF (Agence Universitaire Francophone) ak lèkol teknik ki rekoni kou ditilite piblik.

Pou lane 2010 la nou te genyen 51 benefisyè bous lokal. FOKAL te tou bay yon finansman pou enstitisyon ki rele HELP ki travay nan dòmèn bous èskolè. Nou te depanse 115,809.21 dola ameriken nan èd nou te akòde pou pwogram bous.
Nou gen yon pwogram èd pou etid nan peyi etranje nan nivo metriz ak dòktora. Èd sa se yon kout men pou ede moun ki jwenn yon bous deja kouvri yon seri frè tankou biyè avyon ak kèk materyèl lekòl.