Nouvèl FOKAL

mercredi 24 novembre 2010

Patisipasyon FOKAL nan 22èm kongrè Asosyasyon etid Ayisyen

Nan mwa novanm ki fèk pase a, Asosyasyon etid Ayisyen (Haitian Studies Association - HSA) te kenbe kongrè anyèl li nan Brown University, yon gwo inivèsite amerikèn ki nan vil Providence, nan leta Rhode Island. 22èm kongrè a te gen pou tit : “Haiti, history, healing : facing challenges of reconstruction / Ayiti, istwa, gerizon : pou fe fas ak defi rekonstriksyon yo”.


HAS, Asosyasyion etid ayisyen, te kreye nan lane 1989 ak misyon sa yo: « tabli yon fowòm pou twoke ide sou Ayiti e pèp ayisyen ann Ayiti kou nan dyaspora a. Pou pi klè, Asosyasyon an la pou ankouraje savwa tounèf ak metòd pedagojik konsènan Ayiti, istwa l ak kilti l. Li la tou pou simaye lakonesans sou Ayiti an jeneral epi pou selebre akonplisman entèlektyèl ansanm ak kontribisyon moun ki santre enterè rechèch yo sou Ayiti ak Pèp Ayisyen an.”
Diferan aktivite li devlope se yon kongrè anyel, yon jounal ki rele « Haitian Studies », yon fey enfomasyon ki soti chak twa mwa, reyinyon pou diskisyon sou politik ak edikasyon epi de konferans piblik. Syèj asosyasyon sa chita nan inivèsite Massachusetts, Boston, nan Depatman etid afrikèn/Pwojè etid ayisyen.  

Kongrè 2010 lan nan inivèsite Brown te gen anpil siksè, se te pi gran ki janm fèt ak 278 patisipan. Elizabeth Pierre-Louis te fè yon entèvansyon sou sitiyasyon sektè biblioyotèk yo an Ayiti : li te pale de Bibliyotèk nasyonal ak rezo bibliyotèk minisipal, Sant Lekti ak Animasyon Kiltirèl (CLAC), Direksyon Nasyonal Liv (DNL), bibliyotèk patrimonyal, bibliyotèk FOKAL yo epi ki jefò k ap fèt pou ede sektè a.  

Brooke Wooldridge ki ap dirije pwojè Bibliyotèk nimerik Karayib (Digital library of the Caribbean- DLOC) nan inivèsite entènasyonal Florid, te prezante aktivite mete dokiman ki konsène karayib la gratis sou entenèt epi tou inisyativ ki te fèt nan Florid pou ede bibliyotèk ayisyèn yo. Finalman, Edward Widmer, direktè bibliyotèk inivèsitè John Carter Brown te prezante yon bèl pwojè, « Remember Haiti » (Sonje Ayiti), yon sit entenèt gratis kote yo pibliye tout dokiman istorik sou Sen Domeng ak Ayiti ke bibliyotèk sa posede.  

Te gen plizyè lòt entèvensyon sou imaj Ayiti nan media entènasyonal yo, imaj rekonstriksyon an, inisyativ diaspora ak ayisyen ann Ayiti pou devlopman peyi a. Pwochen kongrè HSA ap fèt nan inivèsite of the West Indies, Mona, nan Kingston, Jamayik nan lane 2011.