Nouvèl FOKAL

mercredi 24 novembre 2010

Lansman festival teyat Kat Chemen nan FOKAL


Nan yon konferans pou laprès vandredi 19 novanm ki sot pase a, Elizabeth Pierre-Louis ak Michèle Lemoine pou FOKAL, ansanm ak Corinne Micaelli pou Enstiti fransè nan Pòtoprens (IFH), te lanse festival teyat Kat Chemen. Sa te pase nan antre FOKAL nan yon ambyans dekontrakte kote group Zatrap ak Mystik 703 te bay animasyon pandan yon grafiti tap fèt sou fasad fondasyon an.






Piblik la te gen ladann reprezantan medya yo, anpil komedyen, jèn elèv lekòl ak zanmi lakilti ki te fè deplasman an pou vin asiste lansman sa a. Se te okazyon pou Elizabeth Pierre-Louis remèsye tout moun ki rete fidèl ak tradisyon festival la e li te esplike kijan ane sa a komite òganizatè a chwazi bay festival la yon direksyon ki chita plis sou fòmasyon akoz de sitiyasyon vil Pòtoprens ki pa pèmèt yo gen yon pwogramasyon tankou avan.

Plizyè pwofesyonèl nan zafè teyat ap rantre nan peyi a vin bay komedyen ak metè an sèn nou yo jarèt nan travay avè yo sou kèk lòt fòm teyat. Se nan lespri sa a ke Corinne Micaelli te pouswiv pou li di piblik la kijan IFH pral kore jan de inisyativ sa yo e li te pale de tradisyon teyat lari La Frans. 


Se yon repons ki kab pèmèt atis nou yo kontinye kreye pandan yap adapte a sitiyasyon vil la jounen jodi a. Michèle Lemoine te pale de 3 atelye ke 45 komedyen ak metè an sèn pral ka benefisye. Li te prezante tou pwogram piblik ki gen nan festival la ane sa a.


PWOGRAM  


VANDREDI 19 NOVANM -
11 è am Konferans pou laprès 
performance inaugurale avec le graffeur mystère, 
les groupes Zatrap et Mystik 703  


MEKREDI 1e DESANM 
Fokal 
5 h pm - film : Martissant, le rêve d'habiter, 
de Michèle Lemoine  
9:00 – 4:00 pm : Exposition multimédia  


JEDI 2 DESANM 
Fokal 2:00 et 3:30 pm : Tap Tap Teyat 
5:00 pm - film : Calcutta 
9:00 am – 4:pm : Exposition multimedia  


VANDREDI 3 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
5:00 pm - film : Calcutta 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


SAMDI 4 DESANM 
Fokal 
2:00 e 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 


LENDI 6 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
5:00 pm - film : City2City 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


MADI 7 DESANM 
Fokal
2:00 et 3: 30 pm : Tap Tap-Teyat 
6:00 pm : spectacle Ayiti, avek Daniel Marcelin 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia 
IFH 
6:00 pm - film : Royal de Luxe, retour d'Afrique  


MEKREDI 8 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3: 30 pm : Tap Tap-Teyat 
5:00 pm : Marathon de Lecture - 
Lecture spectacle Yanvalou pour Charlie de Lyonel Trouillot, 
avek Patrick Joseph  


IFH 
6:00 pm - film : Le Cirque Plume 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


JEDI 9 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3: 30 pm : Tap Tap-Teyat 
6:00 pm : Lecture scénique Cahier d'un retour au pays natal, 
d'Aimé Césaire, avek Jean-René Lemoine 


9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


IFH 
6:00 pm - film : L'Eclipse  


VANDREDI 10 DESANM
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
5:00 pm - film : Allemagne année zéro 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


SAMDI 11 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
4:00 pm : Spectacle pour enfants 
Lago... lago... alarive timoun de Paula Clermont Péan 


9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


LENDI 13 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
6:00 pm - film : Fellini Roma 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimedia  


MADI 14 DESANM 
Fokal 
2:00 et 3:30 pm : Tap Tap-Teyat 
6 h pm : Lecture scénique (informations à venir ultérieurement) 
9:00 am – 4:00 pm : Exposition multimédia