Nouvèl FOKAL

mercredi 16 juin 2010

Sibèkafe : yon ti kanpe pou nou vin pi fo

Tankou bibliyotèk la, sibèkafe fokal la pa resevwa moun depi 12 janvye 2010 akòz de travay reparasyon ki pou fèt nan batiman a. Men travay la ap kontinye pou sèvis lap ofri yo kapab pi bon. Reskonsab yo ap gade kijan yo ta kapab pèmèt moun yo travay sou odinatè ki pi rapid ak oganise fomasyon pou manb li yo kapab itilize sèvis lap ofri yo pi byen.

Depi Oktob 2005 Fokal ouvè yon sibècafe nan avni Kristof la, nan menm lokal bibliotèk Monique Calixte la. Se manb bibliotèk la ki ka benefisye sèvis li. Li bay sèvis tankou intènèt, enpresyon epi yo skane dokiman ak foto tou. Se pa sèlman sa ke sibèkafe a pote pou moun yo, responsab yo ede moun yo konnen kijan pou yo sèvi ak odinatè. Gen fomasyon gratis ki konn fèt pou moun ki poko alèz ou ki poko janm sèvi ak odinatè. Gen règleman ki la pou proteje odinatè yo et pou kontrole sa manb yo ap gade e sit ki montre vyolans, ponografi ak lot bagay ki ka nui edikasyon timoun yo entèdi. Nou jwenn 14 odinatè pou manb yo al sou intènèt tape devwa et menm jwe pou yo ka rekreye yo.

2027 manb bibliyotèk Monique calixte gentan benefisye sèvis sibèkafe a. Pou ane 2009 yo te bese pri yo, lè a ki te 35 goud vini kounye a 15 goud e yon moun kapab fè 15 minit ak sèlman 5 goud nan men li. Sa vinn pèmèt plis moun pase plis tan sou entènèt ki reprezante 90% aktivite nan sibèkafe a.

Yves-Osner Dorvil
Sibèkafe Fokal