Nouvèl FOKAL

mercredi 23 juin 2010

Fokal ap resevwa liv ak lòt materyèl enstiti fransè dayiti

Enstiti fransè dayiti ap bay Fokal prèske tout koleksyon medyatèk li a. Sèlman liv pedagojik pou lang yo ap rete nan men yo an atandan. Fon sa ta dwe evalye a plis ke vennsenk mil (25 000) volim. Li genyen ladan l yon kantite dokiman sou listwa dayiti, literati peyi a ak devlopman riral.Fokal ap gen pou resevwa tou : DVD, K7 ak CD an plis yon kantite etajè ak mèb medyatèk la.

Apre evalyasyon, liv yo ap gen pou yo repati nan de (2) nan trant (30) bibliyotèk rezo Fokal la ki se: Sant kiltirèl Pyepoudre ak Bibliyotèk dabòn. De bibliyotèk ki gen pou reprann sevis apre domaj yo te sibi 12 janvye pase. Sant kiltirèl Katherine Dunham nan Pak Matisan ke yo pral travay ladan l ap gen pou l resevwa nan liv sa yo tou. Koleksyon miltimedya a kapab rete nan Bibliyotèk Monique Calixte ki tabli nan Fokal. Laplipa nan bibliyotèk sa yo plase nan zòn metwopolitèn nan, konsa lèktè enstiti a pap gen pwoblèm konsènan pwoksimite pou twouve sèvis sila yo.

Desizyon sa pran bò kote responsab enstiti a apre ke lokal ki genyen bibliyotèk yo a te sibi gwo domaj akòz tanbleman tè tout moun te konnen an. Konsa, yo deside kanpe ak seri aktivite sa yo.
Nap raple ke Enstiti Fransè se youn non patnè privilejye Fokal depi plizyè lane. Li tabli l an Ayiti depi jou kite 7 Desanm 1945 la kèk mwa apre siyati yon akò kiltirèl ant ayisyen ak fransè nan palè nasyonal peyi Dayiti. Daprè responsab yo nan epok sa,sant kiltirèl la se yon fason pou montre ke relasyon kiltirèl ant de peyi yo se pou tout tan.

Depi lè sa, plizyè gran ekriven ki te fè remake yo nan travay yo fè kòm defansè limanite ak valè inivèsèl yo te rive bay plizyè konferans nan Enstiti a. Pami yo te gen Jean-Paul Sartre nan lanne 1946, Senghor, elatriye. Enstiti a se yon kote yo pwodwi, nan mwens ke yon lanne apre nesans li, yo soti premye nimewo revi franse ak ayisyen an ki se Conjonction. Se yon travay ekip, ki mete an valè kilti peyi a ak rapò ant de peyi yo. Se ak anpil emosyon ke yo te selebre swasant (60) lane apre anivesè sant la ak revi sila. Enstiti a se tou yon zouti pedagojik. Prèske yon trantèn pwofesè kalifye bay diferan fòmasyon a anviwon twa mil senk san (3 500) etidyan chak lane. San pale de medyatèk la ki tap sèvi yon gran pati nan popilasyon peyi a.

Joseph Méléance
Bibliyotèk Monique Calixte