Nouvèl FOKAL

mercredi 2 juin 2010

Bibliyotèk : Karantyèm konferans Acuril

Apre li te fin fèt nan Gwadloup, ane sa a se tou pa Repiblik Dominikèn pou li akeyi karantyèm (40e) konferans anyèl Acuril (Association of caribbean university, research and institutional libraries) nan dat 6 pou rive 12 jen 2010 la sou tèm : L’innovation et l’impact de  l’information dans la Caraïbe : Les protocoles des meilleures pratiques professionnelles des spécialistes de l’information. Konferans la toujou regwoupe enstitisyon ki nan Karayib la ak nan Amerik latin nan.

Acuril te kreye nan lane 1969 e kèk nan objektif li se fasilite devlopman ak itilizasyon bibliyotèk ak prezèvasyon resous enfòmasyon pou rejyon karayib la, ranfòse lyen ant bibliyotèk yo, ak lòt ankò.

Ayiti toujou byen reprezante nan asosiyasyon an. Nan lane 1982, se misye Wilfrid Bertrand, direktè achiv nasyonal la, ki te okipe plas prezidan an. Direktris bibliyotèk nasyonal la, Mme Françoise Thybulle, vin vis-prezidan Acuril nan lane 2009 epi se li ki gen pou vin prezidan nan lane 2012 ki ap vini an.

Soti nan lane 2006 rive nan lane 2009, Elisabeth Pierre-Louis te manm konsèy direktif asosyasyon an epi òganize rankont mi-anyèl konsèy ekzekitif la pou lapremyè fwa ann Ayiti. Pou Ayiti ane sa a, se ak yon delegasyon 7 moun Fokal pral patisipe nan konferans la.

Erick Toussaint
Pwogram bibliyotèk