Nouvèl FOKAL

mercredi 9 juin 2010

Koman Fokal kab pote kout men pa l’ pou inivesite yo nan peyi a

Apre tranbleman tè 12 janvye a preske tout sa nou te genyen kòm inivesite kraze rapyete san konte kantite etidyan ki mouri anndan yo. Yo rapote ke plis pase 80% inivesite yo kraze. Nou konprann byen ke se pa yon sitiyasyon ki bon pou peyi a. Se konsa anpil inivesite lòt bò dlo te vle ede peyi a rekonstwi sektè sa a. Gen ki ofri bous detid, gen ki voye pwofesè yo vinn fè evalyasyon, gen ki pwopoze fè echanj ak inivesite isit yo, …

Nan lojik sa a plis pase 30 inivesite ak asosyasyon inivesite meriken te kontakte FOKAL ak HELP (Haitian Education and Leadership Program) pou wè koman yo kab ede, men nan yon fason ki kab dire. Fokal ak HELP deside alo mete sou pye yon program patènarya inivesitè (Office of University Partnership: OUP) nan lide pou fasilite yon patenarya dirab e pwofitab pou inivesite an Ayiti yo e pou inivesite meriken yo tou.

Pou monte pwogram sa a FOKAL ak HELP te chita ansanm e yo te fe yon envestigasyon. Yo dekouvri ke inivesite yo isit pa bo lakay bezwen koudmen nan domen sa yo: administrasyon inivesitè, fomasyon a distans (e-learning), laboratwa (lang, jeyoloji, syans,…) ak echanj (etidyan, pwofesè,…). Fok nou di tou ke patnè meriken yo di yo pap kab bay lajan pou rekonstwi lokal inivesite yo pa bo isit paske yo gen pwoblem pa yo tou. FOKAL ak HELP te fe yon premye rankont ak direktè/rektè kèk inivesite e yo tout dako pou yon pwogram konsa menm si yo gen yo menm de lòt objektif, sitou sa ki regade rekonstriksyon lokal yo ki kraze. FOKAL avèk patnè li HELP kontinye ap travay pou ranfose pwogram sa a e nou panse ke sa kab pote fwi.

Thierry Cherizard
Chargé de mission