Nouvèl FOKAL

mercredi 28 avril 2010

Rankont reskonsab bibliyotèk : men sa ki te di

Nan dat ki te 12 avril 2010 la, reskonsab pwogram bibliyotèk Fokal yo te fè yon rankont ak tout reskonsab bibliyotèk nan rezo Fokal la ke gwo tranbleman de tè 12 janvye a touche. Rankont sa te dwe kwafe seri travay reskonsab pwogram nan te tanmen pou fe envante tout byen ak materyèl bibliyotèk yo epi vizite yo pou pran plis enfòmasyon. 13 bibliyotèk te reponn prezan nan chita pale sa ki ta pral kòmanse vè 9 è konsa.

Jean-Baptiste Marc, ki se kowòdonatè pwogram bibliyotèk Fokal yo, te pran lapawòl pou prezante eta bibliyotèk yo an jeneral dapre rezilta envante a, epi pou te bay chans ak chak responsab bibliyotèk pou li pale sou sitiyasyon bibliyotèk pal la. Bibliyotèk ki viktim yo gen pou pote yon plan pou relansman ke ekip Fokal la pral etidye epi deside sou ki kalite ed yo ka bay ak kòman sa ka rive fèt.

Dapre reprezantan Bibliyotèk Etzer Vilaire de St-Antoine, bibliyotek la sibi gwo domaj, yo pèdi anpil materyèl travay tankou tab, chèz, òdinatè ak anpil liv epi materyèl odyo-vizyèl. Tout moun reskonsab yo sen e sòf. Men liv ki rete yo plase nan move kondisyon paske pa gen plas an sekirite pou mete yo. Bibliyotèk Etzer Vilaire de St-Antoine pral petèt kraze paske dapre sa je ka wè, batiman an pa ka repare. Men yon teknisyen italyen pral gen pou l bay dizon l nan koze a.



Bibliyotèk Jeunes Du Sacre-Coeur te rive chape anba tranbleman de te a malgre legliz ki ba yo ladesant la pran gwo frap. Moun ki te gen pou patisipe nan ranmase ranblè nan lakou legliz la te pwofite pote ale kèk materyèl bibliyotèk la tankou ennvètè ak plizyè òdinatè.


Pou Bibliyotèk Roger Dorsainville ki nan Dèlma, lokal la kraze nèt, men dirijan yo deja sou wout pou jwenn yon lòt plas pou rekòmanse bay bon sèvis lekti a tout moun ki wè tankou sa ki pa wè. Pou anèks la ki nan Sen Vensan, sitiyasyon an pa diferan menm si bibliyotèk la rete kanpe, men akòz li kole ak rès batiman an ke yo pral gen pou kraze, bibliyotèk la ap tou pase. Men nan nouvo plan an, reskonsab yo gentan prevwa yon lòt bibliyotèk tou nèf.

Araka nan Ri Lantèman, pran gwo sakad tou, tout liv te tonbe, televizyon ak pwojektè bibliyotèk la gate. Liv yo sou tab yo annatandan pi bon kondisyon pou anpeche dlo lapli ki soti do kay la mouye yo.
Cosafh (Comedie Sans Frontiere d’Haiti), bò kote pa li, oblije kite lokal li pou yo ale eseye tabli nan zòn Taba. Yo te rive sove tout liv men tout materyèl enfòmatik yo pèdi. De (2) nan animate yo te sibi domaj men pou koulye a yo anfòm.

Cecrej (Centre Culturel de Recherche Ernst Jean-Baptiste) li menm tou pat epaye. Kèk nan mi lokal la gen gwo fann, tab ak etajè kraze epi kloti lokal la tonbe, sa ki lakòz lakou bibliyotèk la rete san sekirite.
Pyepoudre pèdi lokal li tou ak twa (3) òdinatè. Reskonsab yo blije mete liv yo nan twa zòn diferan. Pandan yo ap chèche yon nouvo lokal, yo ap planifye mete sou pye pwogram Biblio-Bus ki pral mache ale jwenn lektè yo nan tout rakwen nan kapital la ak nan abri pwovizwa yo.

Nan lavil Leyogàn, Bibliyotèk Rasin Lespwa dwe kite lokal la nan Dabòn. Reskonsab legliz ki te bay bibliyotèk la ladesant la gen lòt pwojè pou espas la malgre li te sibi gwo domaj tou.

Lòt bibliyotèk tankou Bibliyotèk Monique Calixte (BMC) nan Fokal, Roussol Lauture nan zòn Dekayèt, Bibliyotèk Justin Lherisson nan Mon Repo 44 ak Etoile Filante nan Fontamara pa gen twò gwo domaj. Tout bibliyotèk sa yo rekòmanse fonksyone kòm sa dwa sof BMC ki dwe tann ke anèks Fokal la repare pou resevwa jèn moun ak timoun epi kreye sòti sekou.

Erick Toussaint
Pwogram Bibliyotèk