Nouvèl FOKAL

mercredi 21 avril 2010

Espas pawòl


Apre gwo tranblemantè 12 janvye 2010 ki te frape kapital Ayiti ak kèk lòt vil pwovens, Fokal te pote sipò bay anplwaye li yo ki te nan difikilte.   
Anplis lèd materyèl, Fokal te mete sou pye espas pawòl pou bay tout anplwaye sipò moral nan moman difisil sa yo. Espas pawòl yo, se yon inisyativ ki te komanse depi 2008 nan kad pwojè Pak Matisan kote reprezantan asosyasyon katye a te kontre pandan 4 seyans pou debat ak yon ethnopsychiatre ki se Cecile Marotte sou zafè katye a. Deja genyen 23 espas pawòl ki fèt e ki touche plis pase yon santèn patisipan.
Rankont ak sikològ yo pou anplwaye fokal aprè 12 janvye te bay bon rezilta tou. Tout patisipan yo te dakò pou di kijan sa te itil yo pou libere lespri yo. Kounye a yo santi yo pare pou yo vanse nan lavi ak travay yo pandan yap rete vijilan. 
6 sikològ te pote sipo bay 31 anplwaye ki te fòme kat gwoup. Chak gwoup te jwenn sèvis de sikològ. Chita pale sa yo te dire de zè de tan e te gen 4 seyans ki te fèt nan yon mwa.
Nan gwoup pam, men kijan espas pawòl yo te pase. Premye seyans lan te ofri patisipan yo posibilite pou yo te prezante tèt yo anvan 12 janvye. Dezyèm seyans lan se te okasyon pou yo te bay temwayaj sou jou sa a. Twazyèm seyans lan te moman pou fè dèy : apre nou te fin ekri doulè nou sou yon papye, nou te boule li. Denye seyans lan te okasyon pou wè pi devan. 

Allenby Augustin
Bibliothèque Monique Calixte