Nouvèl FOKAL

mercredi 28 avril 2010

Klèb lekti Bibliyotèk Monique Calixte la rederape

Vandredi ki te 23 avril 2010 la klèb lekti BMC a rekòmanse ak rankont li yo apre yo te kanpe depi tranblemandtè douz janvye a. Reyinyon sa a, ki te fèt nan kafe FOKAL la a 2 zè nan aprè midi, te rasanble 8 nan 15 manb klèb la. Nan retrouvay sa, ki te fèt nan anpil kè kontan, youn te di lòt jan yo te viv katastwòf la, ki enfòmasyon yo fèk genyen sou zafè tranblemandtè. 

Nou te reflechi sou kijan klèb la ka kontinye fonksyone avèk tout difikilte tranblemandtè a ban nou. Kèk nan difikilte sa yo se: fèmti, pou yon bout tan, bibliyotèk la ki se manman klèb la; anpil manb ki vin abite pi lwen aprè 12 janvye; lekòl kèk manb ki fonksyone nan lòt lè, elatriye… Manb yo bay tèt yo misyon pou mobilize moun pou vin nan fwa k’ap fèt FOKAL la soti 29 avril pou rive premye me. Lòt reyinyon an fikse pou vandredi 7 me 2010 a 2 zè.

N ap fè sonje klèb lekti BMC a fonde nan dat 4 avril 2009. Se te nan lide pou kreye yon espas pou jèn fi ak jèn gason ki renmen li rankontre, pou pale de liv yo li. Se yon mannyè pou ede yo kenbe lekti kòm abitid. Klèb la reyini yon fwa chak semen. Yo fè divès aktivite tankou rankont ak ekriven, pwojeksyon fim, sòti elatriye… Genyen plis pase yon ventèn liv manb yo li nèt oubyen moso, nan kad aktivite klèb la.     

Jean Billy Mondésir
Bibliothèque Monique Calixte