Nouvèl FOKAL

mercredi 14 avril 2010

Bibliyotèk Sant Numa-Drouin lavil Jeremi pral enfomatize


Nan objektif pou rann travay yo pi efikas epi pou bay piblik vil Jeremi an yon sèvis ki pi rapid, ki pi bon tou, ekip Sant Numa-Drouin an, pral tanmen travay ansanm ak ekip pwogram bibliyotèk fokal la nan enfomatizasyon bibliyotèk sant lan, nan mwa kap vini yo. Konsa, Bibliyotèk Sant Numa-Drouin an pral vi n dezyèm bibliyotèk, apre bibliyotèk Monique Calixte ki pral enfomatize nan rezo ki gen 35 bibliyotèk Fokal ap apiye a.

Nan yon ti tan tou kout, animatè ak reskonsab Sant Numa-Drouin an gentan fè yon pakèt wout. Jodia plis pase yon bibliyotèk, sant lan genyen yon sal miltimedia epi li se yon espas ouvè ki resevwa moun tout kote ki vle brase lide sou tout kalite sijè. Kifè nenpòt moun ka di kounye-a, san li pa twonpe-l, Sant lan se youn nan kote nan Jeremi ki ap travay seryezman nan sektè kiltirèl la. Li vle ofri moun kap viv nan kominote a yon opòtinite pou pouse edikasyon yo pi lwen pase yon senp edikasyon de baz. Paske gras ak zouti ki disponib nan Sant lan, jenn fi ak jenn gason kapab fòme tèt yo ak konesans modèn, pratik pandan yo rete makonnen ak kilti yo ou byen ak kominote yo.

Depi Sant Numa-Drouin te kreye an 2004, Fondasyon konesans ak libète (FOKAL) ap mache men nan men ak direksyon bibliyotèk la. Sant sa a pataje espas « Lycée des jeunes filles de Jéremie » an, li genyen plis pase senk mil liv, e li akeyi anpil moun (anviwon 550 manb) anplis mil kat san (1400) jenn fi ki vi n genyen nan lise a depi katastwòf 12 janvye a.