Nouvèl FOKAL

mercredi 21 avril 2010

Pak Matisan : Konstriksyon kloti a



Fondasyon Konesans ak Libete (Fokal) ap travay nan katye Matisan depi lane 2008. Youn nan gwo objektif fondasyon an se mete sou pye nan katye sa a yon jaden oubyen pak botanik ak espas kiltirel pou tout moun kapab vin flannen, pran bon lè, chita ak gwoup zanmi nan yon espas lib e vèt, fè lekti, fè teyat, koute mizik,... Lide a se fè nan katye sa a sa yo rele yon re vitalizasyon vil la. Sa pral pèmèt moun yo nan zòn nan jwenn yon seri de sèvis ke yo pa te konn genyen anvan.

Pou rive fe jaden sa a, youn nan etap yo se fe yon kloti pou delimite et pwoteje espas jaden an. Se yon gwo travay ki koute anpil lajan. Se pou tèt sa Fokal te blije fè sa yo rele yon « appel d'offres » (se yon konkou) pou chwazi pi bon konpayi a pou reyalize travay la. Plizye gwo antrepriz nan Potoprens te patisipe nan konkou sa a. Apre deliberasyon se konpayi ki rele GRETCO ki te seleksyone paske se pwopozisyon li an ki te pi bon pou Fokal. Menm jan an tou Fokal te fe yon « appel d'offres » pou pran yon lòt konpayi pou siveye ke GRETCO ap fe travay la kom sa dwa. Konpayi sa rele BETA Ingenieurs e se sa yo rele yo Sipèvizè.

Konsa depi nan komansman ane 2010 la, GRETCO komanse travay konstriksyon kloti a ki gen pou dire 4 mwa. Kloti an ap mezire 1600 met. Li pap sanble menm jan tout kote. Li gen 5 diferan fason lap fet. Gen kote lap fet ak fe foje, gen kote lap fet a roch selman, gen kote tou lap fet ak fey tol epi bwa 2 pa 4. Nan moman nap pale la a travay fouy ak monte baz gentan byen lwen, se poto ki pral monte la a. GRETCO anplwaye chak de semen 50 moun sou katye a pou travay nan konstriksyon kloti a.
Pou plis detay ale sou sit pak Matisan an nan adrès sa a : http://www.parcdemartissant.org

Thierry Cherizard
Parc de Martissant