Nouvèl FOKAL

mercredi 28 avril 2010

Premye envantè klèb jenn yo

Reskonsab pwojè « Vague du futur » a ap prepare yon bilan total de sitiyasyon 14 klèb ki enplante nan pwovens (Cap Ayisyen, Gwo Mòn, Fon Parizyen, Dabòn, Jakmèl, Okay, Kan Peren, Jeremi) ak nan kapital la (Kot Plaj, Mon Repo, Matisan, Kris Wa, Kwa dè Boukè), après tranbleman de tè 12 janvye a.
Klèb yo, animatè ak jèn nan pwojè a te viktim anpil de tranbleman de tè a. Klèb yo gen jèn ki mouri, genyen ki pèdi lokal reyinyon yo, gen kèk animatè ak kèk jèn ki pèdi fanmi yo, e pou anpil ladan yo, kay yo.

Yon premye bilan ki pa fini, te fèt dènyeman an. Tout 28 animatè klèb yo (gen 2 nan chak klèb) vivan. Men, nou gen 2 jèn ki mouri (youn nan klèb Kris Wa, yon lòt nan klèb o Kay) nan tranblemen de tè a, e plizyè jèn pèdi paran yo. Klèb ki plis viktim yo se 6 klèb nan kapital la (Kot Plaj, Mon Repo, Matisan, Kris Wa, kwa dè Boukè), ak 2 klèb nan pwovens (Dabòn ak Jakmèl). Men yo debrouye yo poukont yo pou yo jwenn yon lòt lokal pou yo fonksyone, sauf klèb Kris Wa ki poko jwenn. Tout klèb yo kòmanse reprann aktivite yo.

Gen anpil jèn ki tal refijye yo nan pwovens ak fanmi yo, gen lòt kap viv nan divès kan pou sinistre de tranbleman de tè a. Reskonsab pwojè a mande animatè yo pou lokalize jèn sa yo, kontakte yo, epi pran bon jan enfòmasyon sou kòman yo ye. Yo bay 14 klèb yo 1 kesyonè kat ranmase bon jan enfòmasyon sou sitiyasyon yo ak sitiyasyon animatè fanm ak gason. Enfòmasyon sa yo ap pèmèt respknsab pwojè a fè yon bilan definitif pwojè aprè pasaj tranbleman de tè a.

Lè bilan sa a fini fèt, l ap pibliye nan blòg pwojè a ki se http://vaguedufutur.blogspot.com
Yon rezime bilan sa a ap pibliye nan bilten nouvèl FOKAL la tou.

Jan Jera Anis
Initiative jeunes