Nouvèl FOKAL

mercredi 14 avril 2010

Dwa ak Demokrasi kanada vin vizite pwojè « Vague du futur »




Lauren Ravon, reskonsab kontinan ameriken an nan enstitisyon kanadyen Dwa ak Demokrasi a (D&D), te vizite Ayiti 24 mas pou rive 1er avril. Lide misyon sa a te pou li konnen kòman pwogram ak pwojè ke D&D angaje ak òganizasyon ayisyèn
nan peyi a, ap vanse depi 12 janvye. Nan okazyon sa a, li te rankontre ak Jean-Gérard Anis, reskonsab pwojè « Vague du Futur » (VDF) ke FOKAL ap realize ak finansman D&D.


« Vague du futur » se yon pwojè nasyonal ki kòmanse an mas 2009. Objektif pwojè sa a se entèrese jèn fi ak jèn gason nan peyi a pou yo patisipe nan bati demokrasi sou tè Dayiti. Pou sa ka fèt, pwojè a ba jèn sa yo bon jan fòmasyon sou fason pou yo pi byen konstwi panse yo, pou sensibilize moun sou pwoblèm kominote yo, pou mennen bon jan pledwaye, epi ede yo mennen bon jan aksyon sivik nan kominote kote yo ap viv.

Reskonsab pwojè « Vague du futur » te bay Lauren Ravon yon bilan sitiyasyon 14 klèb jèn ki nan pwojè a, e ki te frape anpil ak tranbleman de tè 12 janvye a. Yo te pale de posibilite pou yo pase men nan pwojè a, epi tou de aktivite ki pou ta realize nan ane 2010 la ak jèn yo (kan, seminè). Pwojè a ap oryrente nan fè aksyon pledoye sou pwoblèm ke jèn yo idantifye ak refleksyon sou aprè katastròf 12 janvye a.

Depi kòmansman mwa davril sa a, aprè prèske 3 mwa san aktivite, pwojè a rederape avèk repriz aktivite klèb VDF ki nan 8 vil pwovens ak nan 6 katye nan kapital la.