|
G. Le Carret / FOKAL |
Dini se yon lokalite nan komin Gran Gwav, Depatman Lwès. Se yon plèn ki gen yon sipèfisi ki fè apeprè 45 ekta tè. Plèn nan antoure ak mòn ki chaje sous dlo ki kapab awoze l si genyen bonjan travay irigasyon. Bonjan irigasyon ap favorize agrikilti ak elvaj ki pral pèmèt nouri abitan yo pi byen, pèmèt yo vann sipli agrikòl yo nan lòt vil depatman lwès epi fè lajan. Kèk sous dlo ka itilize tou pou kreye kouran elektrik ki kapab sèvi kominote a.
Yon lòt kote, ak fenomèn debwazman ki frape Dini, lè gen lapli mòn yo tounen yon gwo danje pou plèn nan.
|
G. Le Carret / FOKAL |
An reyalite, abitan seksyon kominal sa fè fas ak mank enfrastrikti de baz tankou : lekòl pwofesyonèl, lopital, wout, elatriye. Nan sousi sa abitan yo òganize yo epi fome asosiyasyon ki entèvni nan plizyè domèn tankou : dlo, rebwazman, edikasyon, elatriye pou defann enterè yo. Youn nan asosiyasyon sa yo rele Asosiyasyon Irigan Dini (AID) ki travay ak FOKAL.
Ak kolaborasyon AID, plis patisipasyon abitan yo, FOKAL mete kanpe nan lane 2005 yon sistèm adiksyon dlo potab ki kapte de sous dlo. Yon pati nan sistèm sa pèmèt awoze plèn nan pou fè agrikilti, lòt pati a pèmèt distribiye dlo nan yon kyòs piblik ki genyen plizyè tiyo ladan li. Kyòs la genyen yon komite jesyon nan tèt li ki fikse pri dlo a ak konkou popilasyon an. Se konpayi GATAPHY ki konstwi tout sistèm adiksyon dlo sa. Se yon bèl travay !
|
G. Le Carret / FOKAL |
Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, sous ki te pèmèt sistèm nan alimante plèn nan bouche. Li te nan mitan de mòn ki tonbe, depi lè sa li disparèt. Lòt sous ki alimante fontèn piblik yo kontinye bay dlo paske kote li sitiye a pa sibi gwo domaj. N ap raple : tout sistèm adiksyon dlo potab la nan sitiyasyon pou fonksyone kòm sadwa, men sa ap mande ti reparasyon. Estrikti sistèm dlo potab la kenbe djanm.
|
G. Le Carret / FOKAL - Wout ki pase nan rivyè |
Depi novanm 2010 AID tou pran inisyativ fè yon wout ki pral favorize bonjan ale vini ant Dini ak wout prensipal la (wout sid). Yo pran inisyativ sa paske sèl wout ki te ekziste, ki bay aksè ak Dini pase dirèkteman nan rivyè Lavanj. Koze sa reprezante yon gwo danje lè lapli tonbe, lè larivyè sa desann. Larivyè Lavanj pa kire, li pa drene se sa ki fè chak jou piplis l ap kontinye vale tèren. Li ap manje bèj yo ak tout tè abitan kiltive.
|
G. Le Carret / FOKAL - Nouvo wout |
Nouvo wout AID ap konstwi a fè 12 kilomèt. Li relye Foche-Dini-Oranj Komen. Li pral fasilite transpò moun ak machandiz. Abitan Dini bat yon gwo bravo lakontantman pou nouvo wout sa.
Mezanmi ! FOKAL pa fè wout. AID te solisite èd lameri Gran Gwav pou fè wout la. Apre anpil demach yon eli lokal ak tout lameri Gran Gwav, pwojè wout la te rive jwenn yon traktè nan men leta santral. Nan moman sa, FOKAL te bay yon kout men pou peye gaz pou traktè a, epi peye kèk travayè. AID te toujou mete azèk ak kazèk okouran de pwojè a. Ak sipò teknik GATAPHY nouvo wout la tounen yon reyalite. Nan vizit FOKAL fè nan jounen 23 fevriye 2011 ekip vizitè ki genyen ladan l Enjenyè « Patrick Vilaire » ; responsab sibvansyon nan FOKAL « Réal Chérizard » ; yon fotograf pwogram enfòmasyon nan FOKAL « Géraldine Le Carret » konstate anpil travay fèt nan 4 mwa. Enjenyè Vilaire remake kèk koreksyon pouki fèt nan wout la, li di manb AID yo kouman pou korije erè yo.
Nan kèk kote, abitan yo te blije koupe mòn pou fè wout la pase. Gen kote fòk mòn nan ta rebwaze epi gabyonnen pou evite deboulonay tè lè gen gwo lapli. Gen kote tou, koub yo twò sèk. Wout la fèt an tè ; lè lapli tonbe li riske fè labou epi glise. Tout ti defo sa yo ka koze gwo aksidan ; men manb AID yo pwomèt pou mete konsèy Enjenyè Vilaire an aplikasyon pou evite malè pandye.
|
G. Le Carret / FOKAL |
Lè nou te rive nan Goman Moudachita nou te pase nan premye wout la, kidonk nan rivyè a. Sa te pran nou anviwon inèd tan ak yon ventèn minit pou rive Dini, men chak fwa nou te kanpe pou pran foto. Lè n ap retounen nou te pase nan wout ki fenk fèt la. Nou te pran mwens tan, anviwon 45 minit konsa, pou kite Dini rive Goman Moudachita, men nou te toujou kanpe tanzantan pou pran foto.
Nou espere gwo jefò sa rive jwenn plis ankourajman bò kote leta santral. Yon jou petèt wout sa kapab asfalte ou byen betonnen ak bon jan nòm sekirite.