Nouvèl FOKAL

mercredi 30 mars 2011

James Germain pral anime yon atelye chan nan FOKAL


Nan semèn 4 rive 8 avril, 10 jèn atis pral resevwa fòmasyon nan domèn chan ak mizik nan FOKAL. Se atis James Germain avèk twa lòt mizisyen; yon gitaris, yon pyanis epi yon tanbourinè ki pral anime atelye sa a. FOKAL òganize e finanse atelye sa a pou pèmèt atis ki konfime rive bay jèn atis yo jarèt.

James Germain ap chante depi plis pase 20 lane. Tankou Beethova Obas ak Emeline Michel li sòti nan jenerasyon atis ane 86 yo ki te rele « Nouvelle génération ». Se mizik tradisyonèl peyi a ki baz konpozisyon l yo. Li sòti 3 albòm : Kalfou minwi (95), Asòtò (97), Kreyòl Mandingue (2010).

Fòmasyon chan James Germain pral kondui nan FOKAL la te seleksyone senk (5) fi ak senk (5) gason ki motive, ki gen pwojè atistik, ki swete fè karyè nan mizik e ki abitue chante sou sèn. Objektif atelye sa a se ba yo de teknik pou amelyore vwa yo epi travay yo sou sèn. « Anpil jèn atis ki vle fè yon karyè nan mizik an Ayiti pa gen ankadreman e yo pa jwen fòmasyon …» dapre James Germain. Kòm li jwenn anpil demann fòmasyon bò kote jèn yo, li te kreye seminè sa a pou ede yo amelyore oswa devlope talan yo. Li travay sou de pwojè konsa nan plizyè peyi etranje kote li pase tankou Mali.
Vandredi 8 avril a si zè tapan, nan sal « FOKAL-UNESCO », piblik la ap gen okazyon pou li dekouvri rezilta travay atelye a nan yon ti konsè. Se ap okazyon tou pou piblik la dekouvri talan dis atis sa yo.
Pou yon moun asiste ti konsè sa a, l ap pran yon kat envitasyon gratis nan FOKAL apati mèkredi 6 avril.