Nouvèl FOKAL

mercredi 30 juin 2010

Mizik : Festival djaz ap kore atis yo

Mwa janvye 2010 la ta pral fè katriyèm edisyon Festival Entènasyonal Djaz Pòtoprens lan. Ekip festival la ki se Fondasyon Ayiti djaz pat kapab fe l akòz tranbleman tè 12 janvye a. Malgre tout preparasyon ak depans ekip la te gentan fè pou edisyon sa a, li gade kijan li te ka kore mizisyen yo ak sa li rete nan men l, epi gade sa l ka jwenn lòt kote pou ede mizisyen yo nan sitiyasyon difisil sa a. Nan yon konferans òganizatè yo ak kèk esponsò te bay nan Le Villate, yo te eksplike kijan yap kapab bay kèk mizisyen pwofesyonèl yon sipo. Mizisyen sa yo te viktim pèsonèlman nan katastwòf sa a ki kite gwo enpak sou aktivite yo. Jounen jodi a aktivite sa yo reprann piti piti men yo te kanpe pandan plis pase 3 mwa apre 12 janvye.

Pou edisyon festival djaz 2010 lan, esponsò yo te patisipe plis pase lòt ane yo. Pami esponsò sa yo genyen Fokal, BRH ( Banque de la Republique d'Haiti) ak yon pakèt anbasad peyi etranje. Òganizatè festival sa a toujou envite anbasad yo pou fè atis djaz nan peyi yo ak atis ayisyen ki nan diaspora yo vini jwe nan festival la. Te genyen nèf anbasad ki t ap patisipe nan dizyèm edisyon sa a.

Resous Fondasyon Ayiti djaz genyen pou kore atis yo, soti nan rès lajan li te gentan resevwa pou òganize evenman an. Menm si edisyon sa a pat fèt, gen kèk esponsò ki dakò bay èd yo pou kore atis yo; tankou Fokal ou byen BRH ki te bay yon kontribisyon twa fwa pi gwo pase sa l konn bay pou lòt edisyon yo.

Genyen lòt teknisyen tankou Pascale Jaunay ki se reskonsab Caracoli; ak lot konpayi tankou Tours Haïti ki te gen tan travay sou lojistik festival la, ki pa touche onorè yo e ki kite l kòm kontribisyon pa yo pou ede atis yo.

Epi apre yon kout men Fondasyon Ayiti djaz te mande mizisyen ak òganizasyon ki lòt bò dlo yo nan non mizisyen viktim yo, Karijazz te reyalize yon doub albòm ansanm ak mizisyen djaz ayisyen yo ki rele Yenvablue e yap vann yo pou rekòlte lajan pou atis viktim yo.

Nan yon premye tan, oganizatè yo pat vle fe twòp bri sou fon an dèske yo pot ko konnen konbyen kòb yo tap genyen . Kounye a yo konnen, kòb sa a rive 25.000 dola ameriken. Pou separe lajan sa a, òganizatè festival yo fè yon chwa. Premye benefisyè yo se ap moun òganizatè yo konn travay avèk yo deja. Answit yo sèvi ak yon envantè sou sitiyasyon atis yo (Fokal te patisipe ladann) ki ede yo konnen ki moun ki gen pi gwo bezwen. Nan lis sa a, yo idantifye yon santèn mizisyen ki nan gwo bezwen. Men kòb ki disponib lan kapab ede sèlman karannsis moun. Pascale Jaunay konprann sa byen lè l di: “Tout moun bezwen, men nou blije fè yon chwa”. Kidonk oganizatè yo chwazi karannsis (46) moun ki pral resevwa ant 150 a 200 dola ameriken pandan twa mwa, a pati de kòmansman mwa jiyè. Se nan Kotelam 46 atis yo pral touche kòb sa a.

Oganizatè festival yo te tou pale de estrikti sektè mizik la ki pa anfòm. Sa fe sektè a soufri anpil. Pa egzanp, Atis yo te leve anpil kòb apre tranbleman tè a, men kòb sa yo te ale jwenn òganizasyon imanitè e pa dirèkteman atis ki te nan bezwen vre. Si yon asosyasyon pwofesyonèl te egziste, li t ap pi fasil pou kore mizisyen yo.

Si li posib, Fondasyon ayiti djaz ap kontinye kore atis yo apre twa mwa yo pwomèt yo. Men se pa misyon fondasyon an. Inisyativ sa a se yon jès pou bay lebra ak mizisyen ki nan move pa akòz de tranbleman tè a. 

Pwochèn edisyon festival 2011 la pral fèt kanmenm an janvye menm si pa gen menm enfrastrikti ou menm si li vi n mwen grandyoz. Gen plizyè patnè ki deja pare pou kore l, tankou anbasad Almay, BRH ak Fokal.