Nouvèl FOKAL

mercredi 9 juin 2010

Bibliyotèk : aktivite sou liv ti komik

Jou k ap 18 ak 19 jen 2010 la, Bibliyotèk Monique Calixte (BMC) ap ouvri yon liy aktivite li prepare pou lektè li yo. Lansman aktivite yo k ap fèt anba tonèl ak nan lakou FOKAL 18 ak 19 jen an ap chita sou liv ti komik ke yo rele nan lang angle “comic books” yo. Nan jounen sa yo n ap genyen ekspozisyon, konferans, pwojeksyon fim ak espas lekti, chak sou tèm liv ti komik, ak anpil lòt bagay. Moun yo plis ap tann nan premye aktivite sa yo se timoun ak jèn.

Apre li fin fè 5 mwa fèmen depi tranbleman tè 12 janvye a, ak aktivite sa yo, BMC vize reprann kontak ak lektè li yo, kreye mouvman nan mitan yo epi remete liv nan men yo.

Pou bay aktivite yo jarèt, BMC makònen ak bibliyotèk pyepoudre k'ap bay anpil sipò. Li mete liv li ak lòt materyèl, moun li ak eksperyans li nan fè evenman. Apre envitasyon sa a, lektè yo ap gen pou resevwa plizyè lòt jiskaske bibliyotèk la relouvri menm jan ak lontan.

Aktivite yo pral derape soti 9 è nan maten pou rive 5 è nan aswè.

Jean Billy Mondésir
Bibliyotèk Monique Calixte