Nouvèl FOKAL

mercredi 16 juin 2010

Konferans anyèl asosyasyon bibliyotèk amerikèn

Jedi 24 jen 2010 pou rive 29 jen, nan vil Washington DC, kapital peyi Etazini ap genyen konferans anyèl asosyasyon bibliyotèk amerikèn (ALA), yon asosyasyon ki kreye depi lane 1876. Fokal manm asosyasyon sa. Jodia misyon asosyason sa a fè pwomosyon travay bibliyotèk yo nan kad sèvis piblik, fomasyon, aksè ki mwen chè ak bay enfomasyon kalite.

FOKAL manm asosyasyon sa depi 1997 tankou vizitè entènasyonal e li anime atelye sou kesyon alfabetizasyon, liv ak animasyon pou timoun, fè prezantasyon oral ak vizyèl.
Apre seyis 12 janvye 2010 ki te touche bibliotèk ayisyenn yo anpil, 12 nan rezo FOKAL, 5 nan rezo Bibliyotèk minisipal epi 2 nan pi gwo biblioyotèk patrimonyal yo, ALA te deside chwazi yon bibliyotèek rezo FOKAL ak yon bibliyotèk minisipal pou l ede. Li lanse yon kanpay pou rekolte fon e se bibliyotek Pyepoudre ak Bibliyotèk minisipal Petit Goave ki te chwazi pou rekonstwi. Elizabeth Pierre-Louis (FOKAL), Francoise B. Thybulle (Bibliotèk Nasyonal) ak Patrick Tardieu (Bibliothèque haïtienne des Pères du St Esprit) ap envite spesyal seromoni ofisyèl konferans la.

Chak ane, konferans ALA a nan mwa jen reyini plis pase 25 000 patisipan ki sòti tout kote Etazini men tou yon pakèt lòt peyi nan lemonn. Ane sa se yon gran fanm ekriven afro-amerikèn, Toni Morrison, pri Nobel Literati, ki pral fè diskou seremoni ki pral louvri konferans la.

Elizabeth Pierre-Louis
Direktris pwogram yo