Nouvèl FOKAL

mercredi 16 juin 2010

BélO : “Rozo”, nouvèl album

Fokal  kore pwodiksyon dènye album atis BelO k’ap anrejistre e ki pral rele “Rozo”. Pi fò nan chante ki sou album nan, atis la te ekri yo anvan 12 janvye a rive. Y ap pale de rekonsilyasyon, mete tèt ansanm. De lanmou tou, jan BélO konn fè l. Gen kèk chante BélO te ekri apre tranbleman tè a ki pale de renouvo kiltirel ak fòs ayisyen ak ayisyèn yo bezwen pou rekomanse lavi pa yo. “Le Roi”, “Pitit deyò” ak “Dadou” se kèk nan tit oditè ak oditris yo ap kapab tande. Nouvèl album sa a ap fè nou sonje ke Ayiti se “Rozo” li ye : li pliye men li pap kase.

BélO ap anrejistre “Rozo” Pòtoprens nan stidio Bwa mokèt ak lòt bò nan vil Miami nan Etazini ak vil Pari nan peyi Lafrans. Anpil lòt atis envite pou jwe sou album sa a, tankou atis Blick Bassy ki soti Cameroun, Saël ak Thierry Fanfant ki tou de soti Matinik, Andy Barrow ki se injenyè son, Dany Felix, Fabrice Rouzier ak lòt yo. “Rozo” pral soti pou rantre atistik nan mwa sektanm 2010.

Anvan lè sa a, BélO ap kontinye toune entenasyonal li ki mennen l nan 16 peyi sou 4 kontinan nan lemonn, kote l ap toujou reprezante Ayiti.