Nouvèl FOKAL

mercredi 19 mai 2010

Boukliye Ble pou sove patrimwàn kiltirel

Òganizasyion Boukliye Ble se menm bagay ak La Kwa Wouj pou sektè kiltirèl la. Senbòl sila a te chwa Konvesyon La Haye (1954) pou make sit kiltirèl yo nan ka konfli ou byen lagè. Se menm non sa a komite entènasyonal ki te kreye an 1996 te pran pou pwoteje patrimwàn kiltirèl mondyal si gen lagè osinon katastròf natirèl.
Komite Entènasyonal Boukliye Ble (ICBS) regroupe mize, achiv, bibliyotèk, moniman ak sit istorik, se sa ki reprezante patrimwàn kiltirèl yon peyi. ICBS pèmet òganizasyon ki ap travay pou patrimwàn kiltirèl met tèt ansanm pou bay konsèy, epi pote asistans nan sitiyasyon kritik tankou lagè nan peyi Yougoslavi oubyen siklòn nan peyi Amerik santral. ICBS se yon òganizasyon pwofesyonèl ki entènasyonal epi endepandan.
Depi tranblemantè 12 janvye 2010, plizyè misyon Boukliye ble (Lafrans, Etazini, Entènasyonal) te vin Ayiti pou fè konsta epi gade ki plan ki ka deside ak patnè ayisyen yo pou ede sektè kiltirèl la.
Kounye a gen plizyè aksyon ki deside:
Fòk patnè Ayisyen yo kreye yon komite boukliye ble nasyonal ki pral vizavi ICBS. Pou fòme yon komite nasyonal fòk gen reprezantan kat òganizasyon pwofesyonèl : ICA ki reprezante Archiv, ICOM ki reprezante Mize, ICOMOS ki reprezante patrimwàn bati ak IFLA ki reprezante bibliyotèk.
Nan mwa davril 2010, on deklarasyon te siyen ant Wilfrid Bertrand (Achiv Nasyonal), Harold Gaspard (International Council of Museums, ICOM Haiti), Daniel Elie (Institut de Sauvegarde du Patrimoine National ISPAN), Francoise B. Thybulle (Bibliothèque Nationale) ak Lorraine Mangonès (Fondasyon Konesans ak Libète FOKAL).
Lòt aksyon yo se pral kreyasyon yon sant trètman byen kiltirèl (liv, tablo, dokiman, achiv, ak tout kalite lot objè nan patrimwàn ayisyen), epi fòmasyon sou teknik pou pwoteje objè sa yo.
Elizabeth Pierre-Louis
Direksyon Pwogram