Nouvèl FOKAL

mercredi 5 mai 2010

Bibliyotèk : fòmasyon nan Grandans

Nan kad fòmasyon pou animatè bibliyotèk yo, pwogram bibliyotèk Fokal la gen pou li deplase nan kòmansman mwa mè 2010 la. Deplasman sa a kap fèt nan depatman Grandans, patikilyèman nan vil Jeremi ap dire de semen.

Rezon ki pouse reskonsab yo tanmen aktivite sila se premyèman bay yon fòmasyon de baz sou travay bibliyotèk a plizyè animatè Bibliyotèk Monique Calixte (Pòtoprens), René Béleance (Koray), Bibliyotèk popilè Pestèl ak Sant kiltirèl Numa Drouin ki nan Jeremi. Fòmasyon sa a kap deroule nan vil Jeremi ap dire yon semèn. Dezyèm semèn nan ap sitou konsakre a travay enfòmatizasyon bibliyotèk Jeremi an.

Travay sa yo gen anpil enpòtans. Nan sa ki gen pou wè ak fòmasyon de baz yo, se yon mwayen pou rann moun kap travay nan domèn nan pi kalifye, konsa yo ap kapab bay bon rannman nan travay yap fè chak jou. Pou enfòmatizasyon an, lap pèmèt piblik la jwenn yon meyè kalite sèvis, tankou fasilite nan zafè rechèch, epi tou bò kote bibliyotekè yo, sa ap ede yo jere pi byen latriye liv ak lòt bagay moun ka bezwen nan bibliyotèk la.

Fòk nou konnen tou ke aprè Bibliyotèk Monique Calixte, Sant Kiltirèl Numa Drouin ap dezyèm bibliyotèk nan rezo Fokal la ki genyen yon sistèm enfòmatik pou fonksyone nan sa ki gen pou wè ak travay li.

Joseph Méléance 
Bibliyotèk Monique Calixte