Nouvèl FOKAL

mercredi 19 janvier 2011

12 janvye 2011 - Nou te kanpe pale



Ann kanpe pou yon bèl peyi! (*)

Danièle Magloire
© G. Le Carret / Fokal
Wi, fòk nou kanpe pou nou pale ansanm jodi a pou nou komemore 12 janvye 2010 la.

Nou pèdi. Nou pèdi anpil e doulè a rèd. Se poutèt sa menm, nou menm ki te chape anba tranbleman tè a nou dwe boukante pawòl nou, lide nou. Fòk nou pale, pou nou sa kenbe anba doulè a. Fòk nou pale ansanm, pou nou sa jwenn fòs pou kontinye rete kanpe, dekwa pou n sa travay pou pèmèt Ayiti limenm kanpe drèt tankou yon plamis.

Mwen kanpe pale pou m di fòk noumenm, Ayisyen ak Ayisyèn, nou kontinye reve peyi nou. Ki jan? Pa sèlman nan domi, pa ak pawòl ase, men sitou nan zak nou nan lavi toulejou. Nan konsiderasyon nou genyen pou konpatriyòt nou yo nan tout kategori nan sosyete a. Nan angajman djanm nou kòm sitwayen ak sitwayèn. Nan jan nou kwè tout bon nan kapasite nou kòm pèp. Nan respekte san mank prensip yo.

Ayiti se yon bèl peyi. Si nou pran san n pou nou byen gade, n a wè dèyè fatra, kalbenday ak derespektans, yon peyi k ap tann pou montre tout bèlte li. Fatra, kalbenday ak derespektans, tout sa se maleng ki kale sou do Ayiti. Men se tankou move po, yo ka tonbe depi nou dètèmine travay pou sa. Wi, anba move po a, gen yon peyi byen vivan ki vle epanwi.

Mwen menmm, mwen vle kontinye lite, ansanm ak nou, pou m santi m bèl nan yon bèl peyi ki pa nou.


Danièle Magloire
12 janvier 2011


(*) Discours prononcé par la présidente du conseil d'administration de FOKAL lors de l'évènement Kanpe Pale qui s'est tenu à la fondation à l'occasion de la commémoration du tremblement de terre du 12 janvier 2010.

Vous pouvez également lire la version française de ce texte, ainsi que La rafale de janvier un autre texte de Danièle Magloire qui comprend un reportage photographique de l'évènement Kanpe Pale. L'organisation de défense des droits des femmes Kay fanm a également écrit une déclaration à l'occasion de la commémoration du 12 janvier : Pour une Haïti debout dans sa dignité retrouvée!