Nouvèl FOKAL

mercredi 26 janvier 2011

Projè VDF: kòdonatè pwojè a te vizite klèb jeremi an

Dimanch 16 janvye 2011, responsab pwojè « Vague du futur » a te vizite klèb Jeremi an. Rezon vizit sa a, se pou li te ka obsève travay animasyon ke 2 animatè klèb sa a ap fè ak jèn yo, diskite ak yo sou pwojè aktivite ke yo genyen nan semenn kap vini yo, epi tou pou li pataje kèk enfòmasyon sou oryantasyon pwojè a, ak sou sa FOKAL ak Droits et Démocratie, 2 patnè pwojè a, ap tann de yo.

Kòdonatè a te tou pwofite pou li fè 2 animatè yo sonje responsabilite yo nan pwojè a, pou li ba yo bon jan konsèy pou yo korije feblès ke li dekouvri sou jan klèb la ap mache, epi pou wè ak yo ki aktivite ki ta bon pou yo fè ak jèn yo.

Vizit sa a te pèmèt kòdonatè a wè ak jèn nan klèb sa a pou li te konnen ki aktivite ki pi enterese yo, epi ki sa yo ta swete fè nan jou kap vini yo. Yo te kontan anpil pou yo jwenn okazyon di sa yo gen nan lespri yo.

Jèn yo fè konnen tou avantaj ke yo tire nan pwojè sa a, tankou yap viv yon bel eksperyans, yo aprann konnen lòt jèn nan peyi a, yo benefisye fòmasyon sou deba ak kouman pou fè yon pledwaye, konesans yo devlope sou anpil sijè, yo pi alèz pou yo pale nan piblik. Men yo di tou ke yo ta renmen fè plis aktivite pratik. Epi yo ta renmen ke pwojè a ede yo gen aksè a entènèt ki pa fasil ditou pou yo nan Jeremi, e ki anpeche yo kominike pi plis ak lòt jenn nan lòt klèb ki nan rezo a.

Jèn yo te apresye anpil vizit sa a, e yo mande kòdanatè a pou li ta vizite yo pi souvan, e pou li fè tout posib li pou l ranfòse lyen ant tout klèb yo.

Vizit klèb nan rezo a ap kontinye toujou. Nap fè w konnen tout bagay sou rezilta vizit sa yo.

Pou nou konnen plis sou vizit sa yo, ale nan http://vaguedufutur.blogspot.com