Nouvèl FOKAL

vendredi 7 janvier 2011

12 janvye 2011 : Kanpe Pale


Yon sèl kote, jou pou jou : pale pou yon lòt Ayiti 

12 janvye 2011, pou make premye anivèsè  tranbleman de tè 12 janvye 2010 pase a, Fondasyon konesans ak libète (FOKAL ) ap akeyi tout ayisyèn ak tout ayisyen enterese pou yo pataje eksperyans yo sou aksyon yap mennen pou rekonstriksyon Ayiti epi sou vizyon yo pou yon lòt demen. Chak moun ki vle ka prezante on ti diskou tou kout nan kàd gwo evènman nou rele Kanpe pale ki pral fèt soti midi rive katrè nan laprèmidi devan lokal fondasyon an.

"Kanpe pale" ap premye vèsyon ayisyèn  "Speaker's corners", yon tradisyon ki soti nan peyi Angletè kote sitwayen itilize espas piblik yo pou diskite epi fè deba. Tradisyon sa a egziste nan plizyè kote nan lemond.
Jounen jodi a, abitan Pòtoprens ap viv yon sitiyasyon difisil kote pa gen anpil solisyon ki pwopoze. "Kanpe pale" ta renmen yon espas kote tout moun ka rakonte oubyen temwaye sa yo ta vle pou peyi yo a san kè sote, epi nan respè pawòl tout moun.
Espas "kanpe pale" an dwe yon espas kote tout lide sitwayèn sou diferan sijè melanje.
Gras ak patisipasyon chak sitwayen, "Kanpe pale" ka yon espas pataj demokratik kote moun nan tout kouch  sosyete a, kelke swa domèn aktivite li, ap kapab vin pale lib e libè, ak tout  fyète, ak tout konfyans li genyen kòm sitwayen.

Tout moun ki vle vin kanpe pale, nap tann yo de bra louvri, depi pawòl yo pa mache nan lojik vyolans, depi pawòl yo kenbe prensip respè yon pou lòt.

Tout diskou yo ap fèt sou yon platfòm senbolik ke  atis jakmelyen Anderson Ambroise  kreye ak manm  Kolektif Atis Jakmèl (KOLAJ). Platfòm sa ap fèt ak grava  palè nasyonal ak  lòt moniman enpòtan nan Pòtoprens.

Nou envite tout moun ki enterese, jèn kou granmoun, fanm kou gason pou yo  vin enskri depi kounye a pou patisipe epi prezante vizyon yo pou yon lòt Ayiti nan yon diskou twa minit pou pi plis. Kèk moun ap kapab enskri nan moman evènman an tou.

Tout diskou sa yo pral anrejistre nan kad pwojè "A soapbox in Haïti" ke “Peripheral productions” chwazi fè pou montre yon imaj Ayiti ki pi pozitif.
Pwojè sa se lide Scott Kirschenbaum, yon jèn reyalizatè ameriken ki te sezi wè tout imaj ki tap sikile sou Ayiti depi tranbleman de tè a. FOKAL trè kontan akeyi inisyativ sa a.
Pou enfomasyon ak enskripsyon : studiofokal@fokal.org / 2813-1694 / 2510-9814 – FOKAL, avni Kristòf, 143, Pòtoprens.