Nouvèl FOKAL

mercredi 13 avril 2011

Staf pwogram bibliyotèk la te vizite bibliyotèk Grandans yo

Nan lide pou kontinye kore Bibliyotèk ki nan rezo FOKAL la, staf Pwogram Bibliyotèk la te tanmen nan dat ki te 4 pou rive 6 avril 2011 la yon seri vizit nan Bibliyotèk Jeremi, Koray ak Pestèl.

Vizit sa yo te kòmanse nan Bibliyotèk Rene Belance nan Koray nan jou ki te 5 avril. Biblioyotèk sila genyen yon espas lekti ak yon espas pou animasyon (pwojeksyon). Responsab yo pwomèt pou yo fè anpil chanjman nan espas sila aprè yo te fè yon kanpe nan kèk aktivite kiltirèl ak lekti nan Bibliyotèk la. Men yo pran yon seri inisyativ enteresan tankou pote liv pou moun ki pi lwen yo ka li (moto Biblio). Animatè ki responsab aktivite sa kondwi moto a epi mete valiz liv yo deyè do li. Lè li rive nan zòn li konn abitye rete yo, li ekspoze liv yo epi moun yo vini pou li epi prete liv pou yo ka ale li lakay yo. 

Nan apre midi, staf la te kontinye chimen li pou li te ale vizite yon lòt Bibliotèk ki nan zòn Pestel ki a anviwon inè zòn Koray la oubyen twa zè vil Jeremi an: Bibliyotèk Jean F. Brière. Bibliyotèk sa ki nan yon zòn rekile de vil la ap fè anpil jefò pou yo kenbe nivo Pwogram Biblioyotèk FOKAL la mande a. Yo genyen yon espas pou akeyi moun, yon espas lekti, yon espas peryodik ak yon kwen kote timoun yo ka li ak detann yo. 

Nan kad pwojè Mini laboratwa Mobil Pwogram nan ane a, Bibliyotèk sila te resevwa nan menm jou 5 avril la yon lo òdinatè pou ede timoun ak granmoun nan zòn nan gen aksè ak Nouvèl Teknoloji Enfomasyon yo. Se ak anpil jwa ke responsab Bibliyotèk la te resevwa pake materyèl sa yo. Yo ap resevwa lot materyèl yo (woutè, pwojektè ak yon gwo laptop) nan jou ki ap vini yo.

Pwojè Mini Laboratwa Mobil la se yon pwojè pwogram Bibliyotèk la mete sou pye nan ane ki sot pase a pou ka bay Bibliyotèk ki nan rezo FOKAL yo yon laboratwa mobil. Chak ane dis (10) Bibliyotèk ap jwen yon pakè ki genyen ladan li senk (5) ti òdinatè pòtab, yon (1) pwojektè, yon (1) woutè san fil, yon (1) enprimant epi yon koneksyon entenèt.

Nan aswè, staf la te kontinye ak vizit li yo. Li te vizite Centre Numa Drouin ki chita kò li nan lakou lise jèn fi a nan Jeremi. Apre evalyasyon sa, reprezantan pwogram Bibliyotèk FOKAL la tap kesyone sou kòman sistèm yo a ap mache apre enfòmatizasyon an e prevwa yon lòt vizit ankò pou ka mete baz yo a ajou. Inisyativ sa kòmanse aprè yon fomasyon ke staf la te al pran nan peyi la France nan mwa Mas ki sot pase a sou nouvèl konfigirasyon PMB a.

Chak Bibliyotèk sa yo te resevwa yon bwat ki genyen ladan li liv, CD ak DVD pou yo ka ajoute nan fon Bibliyotèk yo. Pwogram Bibliyotèk la ap kontinye ak inisyativ sa yo pou li pèmèt plis moun gen aksè ak liv nan peyi a. 

Lourdine Altidor-Marsan 
Programme Bibliothèque 
FOKAL