Nouvèl FOKAL

mercredi 27 avril 2011

Gingerbread : yon eksperyans reparasyon nan avni Kristof


Nan fen mwa mas la, yon ekip Fokal te vizite yon kay Gingerbread ke yo repare ak materio lontan yo. Kay sa chita nan nimewo 141 avni Christophe.  Se yon ófelina ki te pran kèk frap lan trambleman tè 12 janvye 2010 la.

Yo te bati kay sa an 1920 pou Pè Lespinasse.  Kay la gen twa nivo, yon sousol, ak de etaj. De nivo anba yo fèt an brik ak wòch : poto ak pout yo an brik epi mi yo an wòch. Dènye etaj la fèt an bwa sèlman. Chans pou kay la, tranbleman tè a pat twò sakaje li epi pou d’ bwa pa atake li.
Moun ki repare kay sa se Jessie Gilbert Guenand ak Thierry Guenand. Jessie se yon ayisyèn ki te kòn fe atizana e ki pati pou Lafrans kote li aprann mason. Thierry Guenand se yon franse ki fè chapant.  De moun sa yo te rantre apre tranbleman tè a, vin bay bourad nan repare ansyen kay ki domaje. Yo telman wè gen ansyen kay ki pou repare, yo deside rete nan peyi a.   
Yo repare kay la ak yon mòtie yo fè ak lacho, tè epi  sab.  Yo itilize lacho enpòte paske jan yo prepare lacho an ayiti a detwi twòp pye bwa.  Yo melanje lacho ak yon sab blan epi yon tè tif.  Melanj sa yo itilize li pou yo poze wóch yo epi pou yo randwi mi yo.  Travay la telman fen, ke mi yo pa men’m bezwen pentire.
Yo repare tet kay la tou. Yo vise tòl yo ak gwo grenn vis paske yo di lè ou kloue tòl la, siklòn rache’l pi fasil.
Pou yo te reyalize travay sa yo te aprann de jenn Ayisyen koman pou yo travay ak lacho. Yo di se domaj ke nou pèdi teknik konstriksyon sa yo paske ansyen kay yo pata dwe repare ak siman ni blòk.  Yo panse ke fòk gen lekòl ki aprann jenn yo teknik ansyen pou bati kay paske gen anpil ansyen kay ki bezwen repare si sa pa fèt nan bon kondisyon, nap fin’n pèdi tout eritaj sa ke gran moun yo kite pou nou.