Nouvèl FOKAL

mercredi 7 juillet 2010

Renette Désir pral soti premye albòm li

Renette Désir ap prepare soti premye cd li k ap pote tit « Yon jou ». Albòm nan ap gen 12 moso e anpil nan mizik sa yo pote siyati Jean Claude Martineau tankou « Yanvalou » ki se premye mizik atis la te met deyò pou anonse soti album lan, « Kiyès ki zanmi nou »,  oswa « Viejo » ki se yon repriz. Men genyen tou patisipasyon Pierre-Rigaud Chery ki ekri, konpoze « Yon jou » ak  « Yon ti chante » ki se yon mizik li fè apre katastròf 12 janvye a. Tout pawòl yo ekri an kreyòl epi yo pale de chanjman, lanmou ak politik. Albòm nan enrejistre « live » nan Real Sound Studio nan Potoprens avek mizisyen ki akonpaye Renette sou sèn : Gabiel Simon (bas), Alex Colomb (gita), Noel Jean Claudy (klavye), Luckner Clermont (tanbou), Thomas John Berne (batri), Nickenson Pierre (batri). Nan kè yo gen Jean Phaniel, Sherley Anteys ak Jean Périlus Caleb. Se atis la li menm ki fè tout aranjman vokal yo.


Renette Désir aprann chante depi li tou piti nan legliz tankou anpil atis. Depi de lane ou jwenn li sou tout sèn nan peyi a e tout kritik rekonèt bote, jistès, pwisans ak pwofondè vwa li. Renette te finalis konkou mizik « Chante lespwa w » Ambasad Kanada te òganize pa bò isit an 2005 avan li te genyen yon meday lò nan Hollywood an 2007 nan konpetisyon «World Championship Performing Arts ».  Li chante deja ak Emeline Michel nan Rex Teat (festival Cultur’Elles 2008). Renette patisipe nan kèk gwo manifestasyon lòt bò dlo, tankou li te nan delegasyon minis kilti ak kominikasyon an nan mwa Mas ki sot pase. Sa ki fè li te chante Bruxelles epi nan Unesco (Paris) nan okazyon foròm sou Ayiti. Gras a solidarite Kominote Fransèz Beljik ak atis ayisyen yo, Renette jwenn yon mwa rezidans nan peyi Beljik kote li ye alèkile.


Albòm « Yon jou » Renette Desir ki benefisye sipò FOKAL, koulya nan Miksaj kay enjenyè Patrick Audant e daprè manadjè atis la, Raphael Vargas, soti albòm sa a ap fèt avan fen lane a.