Nouvèl FOKAL

mercredi 14 juillet 2010

Bibliyotèk Fokal yo pa mouri

Bibliyotèk rezo Fokal ki te viktim nan tranbleman de tè 12 janvye 2010 la, nou vle pale sitou de bibliyotèk nan zòn pòtoprens ak zòn ki pi pre l yo,  te gen anpil difikilte pou yo te rekòmanse travay. Si  lokal kèk ladan yo pat pèdi, gen lòt ki te pèdi kay ak materyèl ki te konn pèmèt yo fonksyone. Menm si yo te frape fò, yo pa mouri pou otan. Jodi a majorite nan yo rekòmanse bay sèvis yon fason pou toujou akonpaye lektè yo nan ofri animasyon ak lekti pou yon piblik ki mande plis atansyon nan moman difisil sa yo.

Yon bibliyotèk kapab bay sèvis anndan lokal kòm deyò lokal li. Li kapab al rankontre piblik li pou l pote liv ak animasyon ba li (lè sa a nou pale de bibliyotèk mobil). Se de mwayen konsa anpil nan bibliyotèk Fokal yo itilize pou sèvi piblik yo epi menm rankontre nouvo piblik.
Men kèk enfòmasyon sou kèk aktivite bibliyotèk viktim yo ap mennen:

Bibliothèque Monique Calixte (BMC): tankou pi fò bibliyotèk nan Pòtoprens lan, BMC te frape fo. Men touswit aprè katastwòf 12 janvye a, ekip la te kòmanse travay men nan men ak reskonsab pwogram bibliyotèk Fokal yo pou evalye sitiyasyon lòt bibliyotèk ki nan rezo a. Kòm BMC poko kapab louvri pot li pou lektè l yo akòz de anèks li a ki poko repare, animate l yo òganize yon seri aktivite pa dèyè nan lakou Fokal la ak sou tonèl la. Pa egzanp yo te òganize aktivite sou liv ti komik  ansanm ak Bibliyotèk Pyepoudre, yon aktivite ki te ofri jèn yo ekspozisyon liv, fim ak enfòmasyon sou sipè ewo liv sa yo. Kèk animatè bibliyotèk la te prezante yon ti pyès teyat ak maryonèt  sou tèm anviwònman nan fwa lajenès ki te fèt nan lakou FOKAL la nan kòmansman mwa me a. Pou fen mwa jiyè a yo konte òganize yon animasyon sou zannimo domestik yo soti 29 pou rive 31.

Bibliyotèk  Centre Culturel Pyepoudre te bay kèk  sinistre zòn kriswa dòmi anba tonèl bibliyotèk la apre tranbleman de tè a. Byen ke lokal la sibi gwo domaj, animatè yo te reyisi sove liv ak kèk materyèl anndan bibliyotèk la. 19 fevriye yo te fè yon seremoni pou salye memwa aktè, komedyen, paran ak manb ki te pèdi lavi yo nan tranbleman de tè a. Answit yo te pase vizite lekòl yo te konn abitye travay ak yo pou repran kontak. Yo te pwofite tou fè envantè fon bibliyotèk la. Se animatè Pyepoudre yo tou ki te kòdone aktivite fwa lajenès Bonjou Lawouze, inisyativ Fokal, te pran epi reyalize  premye ak de me a. Animatè Pyepoudre yo te travay tou ansanm ak animatè BMC yo sou animasyon liv ti komik ki te fèt nan mwa jen an. Bibliyotèk Pyepoudre jwenn yon mwayen pou prete lektè l yo liv: yo mete yon kantite liv nan kès epi yon animatè poste an fas bibliyotèk la chak madi ak jedi pou  prete ak repran liv de 10zè nan maten jiska 3zè nan aprèmidi.

Bibliyotèk Feliks Moriso Lewa te blije chanje kay. Li kite ri lavo, zòn lycée Marie-Jeanne,  pou yon nouvo lokal nan  50, Tabarre 36 A, Boulevard 15 octobre . Se youn nan gwo konsekans tranbleman de tè 12 janvye a pote pou yo. Pou kounye a bibliyotèk la poko resevwa piblik men animatè yo gen pwojè reyalize jounen pòt louvri nan mwa dawou,  pou fe moun  konnen e espesyalman moun Taba konnen bibliyotèk  la nan komin nan.

Centre Culturel de Recherche Ernst Jean Baptiste, Cecrej ki nan dikini rekòmanse fonksyone depi kòmansman mwa jen an. Kòm lokal bibliyotèk la sibi domaj, animatè yo resevwa lektè yo nan lakou a. Yo deja anime seminè pou manb yo sou malaria, filaryoz ak  lafyèv deng. Bibliyotèk la konte òganize yon kandete pou timoun ki gen 8 jiska 13 zan pandan vakans lan.

Bibliyotèk Araka fè pati bibliyotèk ki pa fonksyone nan tout espas li depi 12 janvye a. Pou bibliyotèk la kapab rete konekte ak lektè l yo, animatè yo mete yon pati nan koleksyon bibliyotèk la tankou peryodik, woman ak diksyonè, disponib pou manb yo, nan espas devan bibliyotèk la ki nan ri lantèman. Chak dimanch aprèmidi gen pwogram dans latino, lektè yo chante, anime pou piblik la. Jou ki te 13 jen, dat jounen timoun, animatè yo te òganize yon deba sou mizik timoun. Envite yo te reflechi  sou kòman yo konprann sitiyasyon timoun yo apre tranbleman de tè a . Dimanch 4 jiyè a yo te fè yon chita pale sou patrimwàn materyèl yo, enpòtans yo aprè 12 janvye a.

Bibliyotèk Maison de la Grand'Anse, nan zon poupla, pa gen kay ankò. Men animatè yo òganize aktivite nan lakou a . 20 mas  yo te fè ekspozisyon tèks sou katastròf natirèl. Travay sa a te chita sou trant tèks anviwon. Anplis de sa yo te fè animasyon nan kan yo, pote sipò sikososyal ak animasyon kiltirèl.

Bibliothèque du soleil ki pèdi kay li nan zòn Kafoufèy relanse aktivite l  nan ofri soutyen sikososial pou timoun. Se konsa animatè yo resevwa 60 timoun nan yon espas yo lwe.  Yo gen pwojè ede antou 400 timoun.  Yo vle planifye yon kandete pou timoun 5 a 15 zan nan mwa dawou kap gen ladan l teyat, penti, dans, lekti ak pwojeksyon fim.

Bibliothèque communautaire de Fonds Parisien pa gen pwoblèm kay. Li kontinye fonksyone san pwoblèm. Premye aktivite bibliyotèk la te fè apre 12 janvye se te yon konferans sou rekonstriksyon peyi dayiti. Se yon sosyològ ki moun zòn nan ki te fè konferans sa a. Yo te òganize yon jounen liv nan dat 15 avril la kote yo te ekspoze liv sou otè ayisyen. Nan aktivite sa a yo te bay yon konferans : “ Ki enpòtans yon bibliyotèk nan yon kominote”.  Yo lanse yon konkou konesans jeneral nan mwa jiyè a e kloti a ap fèt nan mwa dawou a. Prezans lektè yo ki vin pi plis demontre jan moun yo apresye egzistans bibliyotèk la nan zòn nan sitou se sèl bibliyotèk lekti piblik ki gen nan zòn Fon Parizyen an.

Bibliothèque Étoile filante ki nan Fontamara te rekòmanse travay 7 avril. Kòm kay la pa kraze lektè yo li anndan espas la jan yo te konn fè sa avan katastwòf la. Animatè yo ofri lot sèvis  tankou animasyon sikososyal pou timoun, konferans-deba, espektak lekti, jounen pot louvri kote yo  fè ekspozisyon nouvo liv yo genyen. Pou mwa dawou a yo prevwa fè yon aktivite ke yo rele “ Dimanche en poésie”, nan jou kap 8 la. Yon lot animasyon pou menm mwa sa a “ le français par la chanson”  pwograme pou 14.

 Gen lòt Bibliyotèk ki poko janm ka redemare men reskonsab yo ap fè tèt yo travay pou yo jwenn yon mwayen pou yo kapab fè sa. Pa egzanp, gen bibliyotèk Edzer Vilaire sentantwàn ki nan poupla, ak Bibliothèque des Jeunes du sacré-coeur ki nan legliz Sakre kè nan zòn Tijo.

Pwogram bibliyotèk Fokal la kontinye travay ak tout bibliyotèk ki nan rezo a (anviwon 30 bibliyotèk), an patikilye bibliyotèk ki pèdi kay ak materyèl yo nan tranbleman de tè a. Se youn nan pwoblèm ki pi ijan pou reskonsab yo kounye a. Reskonsab sa yo ap travay ak bibliyotèk viktim yo sou estrateji ak plan  pou yo rekòmanse travay.