Nouvèl FOKAL

mercredi 28 juillet 2010

Fokal pral patisipe nan IFLA

Yon lot fwa ankò, ekip pwogram bibliyotèk Fokal la pral patisipe nan konferans anyèl IFLA (International Federation of Library Associations and Institutions) a ki gen pou fèt nan vil Gotbèg nan peyi Syèd nan dat 10 pou rive 15 dawou kap vini la a.

Konferans anyèl la ki se tou Kongrè anyèl tout bibliyotèk manm IFLA toupatou nan lemonn, se yon okazyon pou reskonsab IFLA yo fè Konferans ak Asanble jeneral yo; li toujou fèt nan mwa dawou osinon nan kòmansman mwa sektanm.

IFLA te kreye nan Edenbou (Edinburgh) yon vil nan Ekòs nan lane 1927 nan okazyon yon gwo konferans entènasyonal. Li gen anviwon 1600 manm nan plis pase 150 peyi nan lemonn. Li tabli katye jeneral li nan Bibliyotèk wayal peyi Olann, ki se bibliyotèk nasyonal peyi sila.

IFLA se yon òganizasyon entènasyonal ki granmoun tèt li, ki pa travay pou okenn gouvènman epi san bezwen fè lajan. Li gen pou objektif voye monte byen wo tout bon kalte prensip ak bon distribisyon sèvis bibliyotèk; ankouraje pwopagasyon bon jan konpreyansyon tout valè yon bon bibliyotèk; epi reprezante enterè tout manm li yo toupatou nan lemonn.


Apre objektif sa yo, IFLA sipòte kèk valè tankou prensip libète pou tout moun gen aksè egal ego ak bon jan enfòmasyon, libète pou moun di sa yo panse tankou sa di nan atik 19 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan, ak lòt valè ankò.

Se yon konsèy administrasyon, yon komite ekzekitif ak yon komite pwofesyonèl ki nan tèt federasyon an. Men chak ane, òganizasyon konferans sa yo se travay eta majò IFLA ki nan katye jeneral la ansanm ak komite peyi ki ap resevwa konferans la. Men gen yon moun ki reskonsab tout aranjman ki gen pou fèt epi ki veye sou sit entènèt ki bay enfòmasyon sou evennman an.

Erick Toussaint
Pwogram bibliyotèk Fokal