Nouvèl FOKAL

mercredi 6 octobre 2010

Sipote edikasyon nan Matisan

Ane ki sot pase la yo, katye Matisan an tap viv yon sitiyasyon ki difisil anpil: vyolans ant bandi ak bandi, epi vyolans sou popilasyon ki pi frajil yo tankou fanm ak timoun, te simaye sou tout katye a. Mete ak tout sa, jèn yo pat gen okenn model. Bagay sa a te mete tout sitwayen ak moun de byen nan gwo refleksyon; kòm si devan pòt te fin tounen dèyè kay. Nan sans sa a jèn ki tap viv nan Matisan pat ka jwenn yon modèl bon sitwayen pou yo kopye bon jan legzanp, si yo ta vle vini bon sitwayen demen.

Se nan sitiyasyon tèt chaje sa a ke Fokal vini ak pwogran sipote edikasyon nan Matisan. Pwogram sa a gen pou objektif ankouraje randman eskolè nan Zòn nan. Gras ak pwogram sa a yon elèv matisan ki pwofite lekòl byen, te ka jwenn mwayen pou Fokal peye plizye ane lekòl pou li. Konsa, pou premye fwa yon tijèn ki gen valè kapab jwenn rekonpans pou travay lap fè. Konsa jèn ki gen gwo konpetans ak kapasité eskolè te ka jwen ankourajman.

Se nan lane 2008 aprè kat siklòn ki te ravage peyi a, fokal te vini ak volè edikatif sila. Pwogram sa a vize rekonpanse moun ki fè prèv bon jan kapasité pou aprann. Se dis lekol ki te toujou gen gwo renome nan katye a, ki jwenn mwayen patisipe nan aktivite sila a.

Chak lekòl bay kenz elèv ki genyen gwo mwayèn, epi ki gen difikilte pou vin lekòl akòz pwoblèm ekonomik paran yo genyen. Gras ak pati sa a nan pwojè pak matisan an, Fokal pèmèt déjà desansenkant élèv jwenn mwayen pou ale lekol san yo pa depanse yon santim. Tout lajan ekolaj la vini sou kont fokal. Nan sans sa randman eskolè a ogmante nan lekol yo, paske gen yon gwo konpetisyon nan mitan tout bousye yo. Chak jèn ki jwenn yon bous dwe batay pou li kenbe nivo a. Konsa aktivite eskolè vini gen anpil enpotans paske gen rekonpans ka ale jwenn moun ki pi enteresan e anplis pou moun ki ka vini itil sosyete a tout bon demen.

Pwogram sa pote soulajman tou pou direktè lekol yo, li pèmet yo reponn ak gwo bezwen lajan kap brase bil lekòl yo, paske se pifò timoun ki nan sitiyasyon paka peye a. Direktè yo gen asirans ke gen lajan kach kap rantre nan kès apati mwa sektanm, gras ak sibvansyon eskolè nan Matisan. Pwogram nan ede tou direktè yo kenbe pi bon eleman yo. Li pap gen pou voye yo ale pou pwoblèm lajan, sa ki pral leve nivo edikasyon an nan lekol li ak sou tout katye a.