Nouvèl FOKAL

mercredi 13 octobre 2010

Bibliothèques sans frontières vizite de bibliyotèk nan rezo Fokal la

Nan dat ki te 5 oktòb 2010 la, byenbonè nan maten, yon delegasyon 3 manm Bibliothèques Sans Frontières (BSF) ansanm ak yon manm pwogram bibliyotèk FOKAL la te tanmen vizite 2 bibliyotèk ki nan rezo Fokal la apre yo te fìn founi je gade Bibliyotèk Monique Calixte (BMC) ki se bibliyotèk modèl rezo a. Objektif vizit sa se te pèmèt reprezantan BSF yo wè epi konprann estrikti ak fonksyonman yon ti bibliyotèk nan peyi dayiti.

Premye estasyon an se te bibliyotèk ARAKA (Api pou rechèch ak animasyon kiltirèl ayisyen) ki chita nan ri lantèman. Se yon espas ki resevwa anpil jèn, yo fè aktivite dans latìn ak fòlklorik, chan tradisyonèl, fowòm, elatriye. Anpil kesyon te poze sou estrikti lokal la ki te resevwa gwo frap tranbleman de tè 12 janvye pase a, epi tou chèche konnen kijan fonksyonman bibliyotèk la modifye apre tranbleman an. Reskonsab yo te deja ap tann delegasyon an ak yon bèlakèy, yo te prezante pèsonèl la ak divès pati nan espas la epi tou montre ki kalite domaj yo sibi. Yo te pale pi lontan tou sou kijan bibliyotèk la ap vanse ak aktivite kiltirèl yo menm si mwayen ak espas yo manke. Reskonsab yo fè konnen tou ke reparasyon lokal la depann de negosiyasyon ak pwopriyetè a ke yo pa ka jwenn jiska jounen jodi a malgre kèk moun ta fè konnen li nan lakou Etazini.

Dezyèm estasyon an se te CECREJ (Centre Culturel de Recherche Ernst Jean-Baptiste) ki nan Dikini 63. Vizitè yo te kontan wè jan reskonsab bibliyotèk sa te kenbe espas la pwòp epi byen ranje. Menm si espas sa a tou te sibi gwo domaj nan tranbleman de tè a, men anvi travay ak bay bon jan sèvis lekti te fè reskonsab yo jwenn yon teren dantant ak pwopriyetè a pou repare prese prese lokal la. Espas lekti bibliyotèk sa pa twò laj men yo gen yon bèl lakou dèyè kay la pou aktivite kiltirèl yo. Manm delegasyon an te poze divès kesyon sou fonksyonnman ak pwogram yo gen pou timoun ak piblik yo vize yo ki se elèv lekòl nan zòn nan.

Erick Toussaint
Pwogram Bibliyotèk FOKAL