Nouvèl FOKAL

mercredi 21 juillet 2010

Bibliyotèk : aktivite pou fen mwa

Nan lide pou bibliyotèk Monique Calixte (BMC) rete konekte ak piblik la, aprè aktivite li te fè nan mwa  jen sou liv ti komik (Comic Book) yo, li deside pou fen mwa jiyè òganize plizyè lòt aktivite.

Nou ap fe tout moun sonje 29 jiyè se fèt biblyotèk la. A 4è nan aprèmidi, nou ap gen yon lekti senik liv Dany Laferrière ki rele « Le cri des oiseaux fous » (nou ap raple Dany Laferrière te envite donè bibliyotèk la pou trèzyèm anivesè l). Ane sa ap fè bibliyotèk Monique Calixte katòz lane depi li ekziste. Menm si depi tranbleman de tè a bibliyotèk la rete fèmen, nou vle make dat sa. Sitou BMC se bibliyotèk modèl rezo bibliyotèk Fokal ap soutni a.

Jou vandredi ki ap 30 jiyè nou ap komanse yon seri aktivite sou tèm « Les animaux domestiques de chez nous » (Bèt kay an Ayiti)  kap fini samdi 31. Aktivite sa yo ap fèt pou prezante kèk bèt kay peyi a tankou : chat, kana, lapen, chen ak lòt ankò. Pèmèt timoun ak jèn yo konnen yo pi byen, konn ki jan yo viv, relasyon yo ak moun, dekouvri kèk nan ras ki genyen yo.

Nan menm vandredi a depi 10 è nan maten, nou ap gen ekspozisyon sou zannimo yo : ap genyen anpil enfomasyon ak foto. Answit, jenn ki nan klèb lekti bibliyotèk Monique Calixte la ap li kèk fab ki makonnen ak tèm nan. Manman koze a se ap samdi 31 apati 10 zè nan maten. Ekspozisyon ap kontinye tout jounen, ap gen ekpozisyon plizyè zannimo domestik ki tou vivan (kap fèt sou lakou Fokal), epi ap gen yon kozman ak yon veterinè sou fason nou dwe viv ak bèt kay epi okipe yo. Nan menm jounen samdi a ap gen pwojeksyon fim tou, animasyon kont ak aktivite brikolaj ak timoun. 
     
Pierresaint Jean widler
Bibliyotèk Monique Calixte