Fondasyon konesans ak libète (FOKAL) ap travay nan katye Matisan depi lane 2007. Se leta ayisyen ki bay fondasyon an misyon pou li kab met sou pye yon pak natirèl ak yon jaden botanik pou moun nan zòn nan kab jwenn yon bon ti kote pou yo flannen, respire bon lè, pou timoun kab jwe, pou jèn yo vinn fè lekti, pwomennen, rankontre, bay lodyans,…
Pou li reponn a misyon sa a, fondasyon an te kòmanse travay ak tout òganizasyon ki nan zòn nan. Se yon fason pou li te kab konprann ki jan moun yo konprann afè pak la. Se konsa FOKAL te òganize plizyè rankont ak moun òganizasyon sa yo pou nou te diskite sou plizyè sijè. Apre divès rankont ak diskisyon fondasyon an te lanse yon seri de gwo travay pou fè pak la tout bon vre.
Nan lane 2008 FOKAL lanse apèl dòf pou fè etid sou zòn pak la, sa vle di bitasyon « Leclerc, Mangonès, Dunham » ak Fongging pou we koman nou ta mete yon kloti ki delimite espas sa e ki pemèt tou moun yo kab we pak la e rantre ladan li san pwoblèm. Se biwo achitèk ki rele AD (Architecture et Développement) ki te reyalize travay sa a. Nan menm tan an FOKAL te fè yon lòt etid pou wè kòman nou kab jere afè dlo ravin nan zòn pak la. Tankou nou konnen gen anpil ravinn ki pase nan Matisan. Nan pak la selman gen 4 gwo tonton ravin ki pase, se ravinn Takwèt 1, Takwèt 2, « Leclerc ak Mangonès ». Le ou tande ravin sa yo desann, se pwoblèm nan tout kanton an. Se pou sa etid sa te enpòtan. Se biwo enjenyè LGL ki te genyen apèl dof sa a. De etid sa yo te pèmèt FOKAL lanse yon lòt apèl dòf pou te chwazi yon fim enjenyè ki kab egzekite gwo travay sa yo. Nan lane 2010 konpayi ki rele Gretco a te genyen apèl dòf pou fè kloti a ak travay asenisman pou jere afè dlò ravin yo nan pak la.
Kloti n ap pale a mezire plis pase mil sis san mèt (1600 m) e li fèt sou divès fòm. Men majorite kloti an fèt ak kolòn an ròch avèk de bèl griyaj an fè fòje nan mitan. Travay sa a dire plis pase 8 mwa. Nou te rankontre kèk ti difikilte nan egzekisyon an, men konpayi Gretco se yon bon konpayi, li te debouye li byen. Fò nou di tou ke bagay yo mache byen paske nou te gen yon bon fim sipevizyon ki se biwo enjenyè « Beta Ingénieurs ». Men kòm ou konnen pou travay ou mache byen, menm si enjenyè yo fò, bòs yo serye, ouvriye yo sou sa, fòk mèt travay la kale je gade tou. FOKAL te toujou la pou veye ke tout bagay ap mache byen. Kounya kloti an preske fini, plis pase 95% travay la fini. Ti pwoblèm ki fè li pòko fini nèt se paske manke fè ki fè griyaj la sou mache a. Men apre ti pwoblem sa a, kloti a fini e nou envite tout moun al jete yon kout je.
Nou sonje nou te pale de afè dlo ravin yo, e ben sa konsène kloti a tou, paske si ou pa jere afè dlo sa a eben lap kraze ni kloti ni wout ak tout sa li jwenn sou chimen li. Se pou sa ke travay asenisman an enpòtan. Travay sa ak travay kloti an makonnen. Nan moman nou ap pale avè w la a, konpayi Gretco ap fe sa yo rele degravè. Se yon seri de konstriksyon ki la pou resevwa dlo ravin yo, kite yo desann e kenbe tout debri ke dlo a pote. Sa pral anpeche ke dlo a desann ak twop fatra anba sou wout nasyonal la. Yap fe tou yon gwo basen retansyon kap pèmèt kenbe yon kantite dlo pou li pa ale inonde anba Matisan ak wout nasyonal la. Yap fè tou yon gwo kaskad anndan pak ki pi wo pase 10 met (pi wo ke yon kay 3 etaj) ki pral kondui dlo a nan yon gwo kanal pou li al fè wout san li pa fe twòp dega. Gwo travay sa yo ap fèt nan moman an la e gen anpil moun nan katye a kap travay. Travay sa yo fèt deja a 50%.
FOKAL ap kontinye travay di pou fè afè pak la vinn yon reyalite.