Nouvèl FOKAL

mercredi 16 février 2011

Bibliyotèk "Monique Calixte" rete fidèl

Yon lòt fwa ankò, Bibliyotèk "Monique Calixte (BMC)" kenbe pwomès li. Jan nou te anonse l ak afich nan lekòl ak fakilte nan alantou yo, nan Nouvèl Fokal, elatriye, bibliyotèk la louvri pòt li jounen ki te 21 janvye 2011 la.


Nan menm semèn sa a, nou te inogire espas "Harold Courlander" a (American Corner) jou ki te 20 janvye 2011 la. Nan okazyon sa a, Madam "Lorraine Mangonès" ak anbasadè ameriken an te bay yon diskou. Nou te genyen okazyon akeyi plizyè pèsonalite ki konsène nan zafè lakilti an jeneral epi manb laprès. Nou te prezante yon ekspozisyon sou lavi ak travay pastè epi militan pou dwa popilasyon nwa nan peyi Etazini, "Martin Luther King". Te genyen tou, Plizyè konferans ak deba,pami yo, « lidèchip ak volontarya ». Semèn nan te fini ak yon kokennchenn konferans sou « mizik tradisyonèl » nan peyi Dayiti ke Madam "Michèle D. Pierre-Louis" te prezante nan sal FOKAL la. Se te ak anpil kè kontan ke jèn yo te vle poze kesyon apre konferans sa a.


Prèske yon mwa apre "BMC" relouvri, li rive bay tout sèvis li yo a piblik la. Sèvis prete liv la demare madi 15 fevriye a, yon fason pou satisfè atant yo, jèn yo te motive anpil pou tounen frekante bibliyotèk la.Timoun ki genyen jiska 10 lane yo gentan patisipe nan plizyè animasyon nou prepare pou yo chak samdi maten. Depi jounen 21 janvye a nou akeyi plis pase 150 jèn ak timoun chak jou, ladan yo 24 nouvo manb toujou pou yon jounen. Sibè kafe a bò kote pa li gentan akeyi 153 moun sa ki bay 12 moun pa jou. Aktyèlman, lektè yo kapab ale sou entènèt nan espas "Harold Courlander" a tou ak 2 òdinatè ki plase pou sa. Nou deja konte plis pase 10 moun chak jou ki vizite sit entènèt ki bay enfòmasyon sou peyi Etazini ak travay yo fè nan plizyè peyi. Pou sa ki konsène konsiltasyon « dokiman odyo-vizyèl » la, li plis pase yon santèn moun. 

Tout ansyen lektè bibliyotèk la ak medyatèk Enstiti fransè Dayiti a benefisye 6 mwa renouvèlman gratis. Nou gentan enskri 40 ansyen lektè medyatèk la. Pou sila yo ki pa depase 22 lane, ki te nan klèb lekti medyatèk la, yo kapab tou antre nan klèb lekti "BMC" a. Li genyen plis pase yon ventèn jèn ki reyini chak vandredi apre midi pou diskite sou literati ak anpil lòt bagay. Yon lòt kote, lektè nou yo kapab enskri nan klèb “konvèzasyon anglè” a, li reyini chak vandredi, deja genyen 40 manb ladan l.


Bibliyotèk "Monique Calixte" rete yon referans kòm kote tout moun sitou jèn, kèlkeswa orijin sosyal yo kapab vin fòme tèt yo, brase lide pou devlòpman sosyal ak endividyèl yo. Se yon pòt louvri ki pèmèt pi piti yo kiltive tolerans ak respè pou lòt moun dapre baz demokratik yo.


"Joseph Méléance" Bibliyotèk "Monique Calixte"