Nouvèl FOKAL

mercredi 8 juin 2011

Verite sou tanbou : yon seri fim ak deba sou jounalism envestigasyon

Sant entenasyonal pou jounalis  (ICFJ), Ayiti Kale je ak FOKAL ap envite tout jounalis ak lòt moun ki enterese sou kesyon enfòmasyon ak envestigasyon vín patisipe nan yon seri pwojeksyon ak deba ke yap òganise nan FOKAL.

« Verite sou tanbou » se tit yon seri fim fiksyon ak dokimantè sou kesyon ankèt ak jounalism envestigasyon. Inisyativ  sa a se yon pwopozisyon ICFJ  te fè. Kathie Klarreich ap travay an Ayiti pou ICFJ, pou fè fòmasyon pou jounalis ayisyen sou kesyon envestigasyon plizyè kote, sitou nan kad medya ki manm ANMH (Asosiasyon nasyonal media ayisyen) ak jounalis nan provens ansanm ak Asosyasyon jounalis ayisyen (AJH). Ayiti kale je bò pal se yon patenarya Alterpresse, SAKS, REFRAKA ak radyo kominotè kap travay ansanm e ki ap fòme tèt yo pou fouye zo nan kalalou sou kesyon rekonstriksyon Ayiti a. FOKAL li menm nan kad pwogram medya ke li genyen an,  louvri espas li pou pwojeksyon yo epi patisipe nan òganizasyon rankont sa yo.

                4 SAMDI, 4 :00 nan aprè midi


           11 jen Le Monde Selon Monsanto                                         9 jiyè   Le Pull-over Rouge

           25 jen All the President’s Men                                               23 jiyè The Inside Job

                                                          6 dawout Envestigasyon natifnatal

Premye fim ki pral pwojte nan kad sa se « Le Monde selon Monsanto » ki te reyalize nan lane 2008 sou kesyon OGM (Organisme génétiquement modifié - oganism ki jenetikman modifye) ak agwobiznis. Fim sa se yon  dokimantè franse sou yon antrepriz agwobiznis miltinasyonal ki rele Monsanto.
Apre fim nan nou pral gen yon deba sou kesyon OGM an Ayiti. Nou pral gade kijan laprès te swiv kesyon semans Monsanto a an Ayiti epi tou nou pral tande nan ki nivo kesyon sa a rive an Ayiti. Nou pral tou pwofite montre kijan pou n ta fe yon envistagasyon sou kesyon sa a ankò, ki moun pou n al poze kesyon, kijan pou n al fouye kesyon sa a sou teren an,…

 Dezyèm fim  nou pral pwojte samdi 25 jen an se All the Presidents Men (1976), yon fim fiksyon Etazini sou eskandal politik "Watergate" ak sou de (2) jounalis ki te fè envestigasyon sou zafè sa. Fim nan pral pwojte an angle ak soutit franse. Yon deba pral fèt apre sou kesyon politik ak kriminalite, manipilasyon, elatriye.
Twazyèm fim nan ki se “Le Pull-Over Rouge” (1979) pral pwojte samdi 9 jiyè. Se yon fim fiksyon franse ki enspire de yon liv ki gen menm non an, kote otè a te fè yon ankèt sou arestasyon, pwosè ak egzekisyon Christian Ranucci pou yon krim li pa te fè. Deba pral fèt ak yon moun ki travay sou kesyon krim ansanm ak pòt pawòl lapolis lan. Deba sa a pral ankouraje jounalis yo voye je sou angajman politik ak kriminalite.

Samdi 23 jiyè, nou pral pwojte “Inside Job” (2010), yon fim dokimantè Etazini sou kòripsyon sistemik nan sektè finansye ameriken an , youn nan koz ki kreye gwo kriz ekonimik mondyal nan lane 2008 la. Fim nan pral pwojte an angle ak soutit franse. Fim sa apenn jwenn pi gwo pri ozetazini pou dokimantè, sa ki rele yon « oscar ». Kaylanee Mam, youn nan moun ki te fè rechèch epi ki te nan ekip moun ki pwodwi fim lan, ap vini pou lanse fim lan nan FOKAL. Apre pwojeksyon fim nan, li pral pataje eksperyans li, ni  sèlman wòl li jwe pou kouvri enfòmasyon men tou kòm yon moun ki leve nan Cambodge,yon kote ki gen anpil pwoblèm ki sanble ak pa Ayiti. 

Anfen, pou kloti  seri a, nou pral pwojte travay envestigasyon natif-natal ke jounalis kap travay ni nan Ayiti kale je, ni nan pwojè ICFJ sou zafè rekonstriksyon Ayiti a. 

Pa bliye, tout pwojeksyon yo pral fèt nan sal FOKAL-Unesco a, an 4rèchak samdi nou te site yo.

(*) Ayiti Kale Je se yon patenarya Alterpresse, SAKS, REFRAKA ak radyo kominotè.
(*)International Center for Journalists  gen plizyè patnè isit, pami yo ANMH ak AJH.