Nouvèl FOKAL

mercredi 26 janvier 2011

Bibliyotèk "Numa Drouin" an nan Jeremi enfomatize

De nan responsab pwogram bibliyotèk FOKAL la te ale nan Jeremi nan jou ki te 14 janvye a pou al fini enfòmatizasyon ki te kòmanse nan mwa dawout ki sot pase la. Travay sa antre nan yon gwo tonton pwojè ke pwogram bibliyotèk la genyen ki se enfòmatize kèk bibliyotèk nan rezo a. Nan jounen an responsab yo ak yon kòlèg ki te fòme nan lojisyèl nan domèn enfomatik te eseye mete an plas lojisyèl ki pou jere aktivite bibliyotèk la epi tande animatè yo pou konnen ki pwoblèm yo te rankontre anvan nan sistèm nan epi rezoud kèk ladan yo la pou la.  


Bibliyotèk "Numa Drouin" an te kreye nan dat ki te 12 novanm 2004 la nan vil Jeremi pou te ka ede jèn nan lokalite sa gen aksè ak liv. Li bay anpil sèvis tankou lekti sou plas, prete dokiman, aksè entènèt, ekspozisyon ak animasyon … Li genyen plis pase 700 manm ak 5600 dokiman : Liv, CD, CD-ROM, VHS, plizyè seksyon tankou seksyon Jenès, granmoun, epi yon sal enfòmatik. Pwogram Bibliyotèk la ap kontinye ak pwosesis sa pou rès bibliyotèk ki nan rezo li a. An plis de sa, ane sa a, pwogram nan gen pwojè pou bay, annatandan, 10 nan bibliyotèk ki nan rezo a yon mini laboratwa mobil ki ap genyen ladan li 5 ti laptòp ki ap branche sou entènet, 1 tablo entèraktif, 1 woutè ak 1 pwojektè . Si pwojè sa byen mache, nap kapab kontinye ak lòt bibliyotèk rezo a nan jou ki ap vini yo. Nou ap travay pou tout moun nan peyi a gen aksè ak liv.  


Lourdine A. MARSAN 
Programme Bibliothèque FOKAL