Kreyasyon pak Matisan trennen dèyèl, yon latriye aktivite nan lide pou rete konekte avèk popilasyon kap viv nan kominote Matisan an espesyalman nan zòn amenajman konsète a (ZAK). Espas pawòl se youn nan Aktivite sa yo.
Ekip volè kominotè Pak Matisan an tanmen depi novanm 2008, yon seri chita pale ak reprezantan òganizasyon, notab, reprezantan kolektivite teritoryal yo ak lòt moun kap viv nan katye a. Aktivite sa ki pote non espas pawòl jwe yon gwo wòl nan enplikasyon moun yo nan devlopman zòn lan. Li pèmèt tou Fokal konnen lide yo sou jan yo wè avansman travay yo ak ki sa yo ta swete ki fèt.
Aprè tranbleman tè 12 janvye a aktivite sa sibi gwo chanjman sitou nan sijè diskisyon yo. Nan plas la pwòpte, sekirite ak sitwayènte, kounye a chita pale yo fèt sou tèm: tranbleman tè, anviwònman ak pak natirèl.
Rankont sa yo fèt pandan twa jou nan yon semèn sòti dizè nan maten pou rive midi nan biwo pwojè a nan Matisan. Daprè kèk nan patisipan yo “chita pale sa yo jwe yon gwo wòl nan stabilite klima sekirite a nan katye yo, paske avan pat janm gen dialòg nan mitan moun kap viv nan diferan katye yo. Dayè yon aktivite konsa nouvo pou nou menm kap viv nan Matisan” pou nou site temwayaj youn nan patisipan yo.
Sòti mwa avril 2010 pou rive jounen jodi a, plis pase twasan (300) fanm ak gason gentan patisipe nan nouvo fòmil Espas pawòl la. Nouvo modèl sa, pèmèt patisipan yo familyarize yo avèk kèk tèm tankou: Episant, iposant, manitid, rechofman klimatik elatriye… Patisipan yo pwofite espas sa pou rann omaj senbolik ak viktim dram 12 janvye 2010 la. Yo swete reskonsab leta yo pran bon jan mezi pou diminye dega yon katastwòf natirèl konsa ka pwovoke. Epi pou popilasyon yo pi vijilan ak reskonsab nan chwa yap fè chak jou nan lavi yo.
Malgre diferans opinyon ki kapab gen nan chak gwoup, li enpòtan poun sinyale ke chita pale yo toujou dewoule nan respè youn pou lòt.
David Dérosier
Animatè Pwojè Pak Matisan
FOKAL